| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 9:1 | ś Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyčl, pitit pitit Zewň ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannčg.
| |
| | 1Sa 9:2 | Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bčl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pčp Izrayčl la ki te pi bčl pase l'. Li te pi wo pase yo tout.
| |
| | 1Sa 9:3 | ś Kich te gen kčk manman bourik ki te pčdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avč ou, al bouske manman bourik yo pou mwen.
| |
| | 1Sa 9:4 | Yo mache nan tout mňn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y' ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y' ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo.
| |
| | 1Sa 9:5 | Lč yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avč l' la: -Ann tounen lakay pou papa m' pa gen tčt chaje pou nou jouk pou l' ta rive bliye bourik li yo.
| |
| | 1Sa 9:6 | Domestik la reponn li: -Gen yon bon sčvitč Bondye nan lavil sa a. Se yon nonm tout moun respekte paske tou sa li di rive vre. Ann al jwenn li. Ou pa janm konnen, li ka di nou kote pou n' ale pou n' jwenn bourik yo.
| |
| | 1Sa 9:7 | Sayil di domestik la: -Dakň! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankň nan ralfň nou. Nou pa gen anyen pou n' fč sčvitč Bondye a kado.
| |
| | 1Sa 9:8 | Domestik la reponn li: -Mwen gen yon ti pyčs ajan sou mwen, m'a ba li l'. L'a di nou kote n'a jwenn yo.
| |
| | 1Sa 9:9 | Nan tan lontan, lč yon moun te bezwen mande Bondye kichňy, li te konn di: Ann al kay divinň a, paske lč sa a se konsa yo te konn rele pwofčt Bondye yo.
| |
| | 1Sa 9:10 | Sayil di domestik li a: -Sa ou di a bon wi! Ann ale! Se konsa y' ale nan lavil kote sčvitč Bondye a te ye.
| |
| | 1Sa 9:11 | ś Pandan yo t'ap moute ti pant ki mennen lavil la, yo kontre ak kčk jenn fi ki t'ap soti lavil la pou y' al nan dlo. Yo mande medam yo: -Eske divinň a la nan lavil la?
| |
| | 1Sa 9:12 | Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fč vit, li fenk rive lavil la, paske jňdi a se jou pou moun yo al touye bčt pou Bondye sou lotčl ki sou ti mňn lan.
| |
| | 1Sa 9:13 | Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l' al manje sou ti mňn lan. Pčp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bčt la anvan. Lč li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale koulye a pou nou ka jwenn li.
| |
| | 1Sa 9:14 | Se konsa yo moute ale lavil la. Antan yo t'ap antre lavil la, yo wč Samyčl ki t'ap vin devan yo, sou wout pou l' al sou mňn lan.
| |
| | 1Sa 9:15 | Men, lavčy jou Sayil rive lavil la, Seyč a te fč Samyčl yon revelasyon. Li te di l' konsa:
| |
| | 1Sa 9:16 | -Denmen, vč lč konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bň kote ou. W'a vide lwil sou tčt li, w'a mete l' apa pou l' chčf pčp mwen an, chčf pčp Izrayčl la. Se li ki va delivre pčp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wč jan pčp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.
| |
| | 1Sa 9:17 | Lč Samyčl wč Sayil, Seyč a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvčnen pčp mwen an.
| |
| | 1Sa 9:18 | ś Sayil mache sou Samyčl ki te toupre pňtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinň a.
| |
| | 1Sa 9:19 | Samyčl reponn li: -Se mwen menm divinň a! Pran devan m', moute sou mňn lan. W'a manje avč m' jňdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kč ou. Apre sa, m'a kite ou al fč wout ou.
| |
| | 1Sa 9:20 | Kanta manman bourik ou te pčdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kň ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pčp Izrayčl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo?
| |
| | 1Sa 9:21 | Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pčp Izrayčl la. Lčfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo?
| |
| | 1Sa 9:22 | Samyčl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fč yo antre nan gwo pyčs kay la, li fč yo chita nan premye plas bň tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite.
| |
| | 1Sa 9:23 | Epi Samyčl di chčf kizin lan: -Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an.
| |
| | 1Sa 9:24 | Chčf kizin lan pran jigo a avčk tout vyann ki te avč l' la, li mete l' devan Sayil. Samyčl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fč mete l' apa lč mwen t'ap envite pčp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyčl jou sa a.
| |
| | 1Sa 9:25 | Apre sa, yo desann soti sou mňn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la.
| |
| | 1Sa 9:26 | Nan denmen yo leve byen bonč. Lč bajou kase, Samyčl rele Sayil sou teras la: -Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou. Sayil leve, epi yo tou de yo soti nan lari a ansanm.
| |
| | 1Sa 9:27 | Lč yo rive sou limit lavil la, Samyčl di Sayil konsa: -Di domestik ou a pran devan nou. Domestik la pran devan, epi Samyčl di Sayil ankň: -Ou menm, rete la yon ti moman pou m' ka fč ou konnen sa Seyč a di.
| |