All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 7

1 Samuel 8:1-22

1 Samuel 9 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 8:1
 
ś Lč Samyčl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvčnen pčp Izrayčl la.  
 
1Sa 8:2
 
Pi gran an te rele Jočl, piti a te rele Abija. Se lavil Bčcheba yo t'ap gouvčnen.  
 
1Sa 8:3
 
Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sčl bagay ki te enterese yo se te fč lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafč pou yo. Yo t'ap fč patipri.  
 
1Sa 8:4
 
ś Lč sa a, tout chčf fanmi ki te reskonsab pčp Izrayčl la sanble, y' al jwenn Samyčl lavil Rama.  
 
1Sa 8:5
 
Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvčnen nou, jan sa fčt nan tout lňt peyi yo.  
 
1Sa 8:6
 
Pawňl sa yo pa t' fč Samyčl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvčnen yo. Samyčl lapriyč Seyč a.  
 
1Sa 8:7
 
Seyč a di Samyčl ankň: -Ou mčt koute tou sa pčp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankň.  
 
1Sa 8:8
 
Depi lč mwen te fč yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fč m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sčvi lňt bondye. Se menm bagay la y'ap fč ou jňdi a tou.  
 
1Sa 8:9
 
Se poutčt sa, koute sa y'ap di ou. Tansčlman, avčti yo pou mwen. Tou fč yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo.  
 
1Sa 8:10
 
Samyčl rapňte bay pčp la ki t'ap mande yon wa a tout pawňl Seyč a te di l'.  
 
1Sa 8:11
 
Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fč yo sčvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lňt ki pral aprann moute chwal pou fč lagč. Genyen ki pral sčvi gad kň li pou kouri devan pwňp cha pa li.  
 
1Sa 8:12
 
L'ap pran ladan yo pou mete chčf sou mil (1000) sňlda ak chčf sou senkant sňlda. Se yo ki pral pare tč nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekňt li yo pou li. Se yo ki pral fč zam pou li ak lňt lekipay l'ap bezwen pou cha lagč l' yo.  
 
1Sa 8:13
 
L'ap pran pitit fi nou yo pou fč odč, pou fč manje ak pou fč pen pou li.  
 
1Sa 8:14
 
L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sčvi l' yo.  
 
1Sa 8:15
 
L'ap pran yon dizyčm sou tout rekňt danre nou yo ak sou tout rekňt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lňt moun k'ap sčvi anndan lakay li.  
 
1Sa 8:16
 
L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sčvant nou yo, pi bon bčf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fč yo travay pou li.  
 
1Sa 8:17
 
L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lčfini, l'ap fč nou tounen esklav li.  
 
1Sa 8:18
 
Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lč sa a, Seyč a p'ap okipe nou.  
 
1Sa 8:19
 
Pčp la te derefize koute Samyčl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvčnen nou,  
 
1Sa 8:20
 
pou nou kapab menm jan ak tout lňt nasyon yo. Wa nou an va gouvčnen nou, l'a mache alatčt lame nou lč nou pral nan lagč, l'a mennen batay nou pou nou.  
 
1Sa 8:21
 
Samyčl tande tou sa pčp la t'ap di. L' ale rapňte yo bay Seyč a.  
 
1Sa 8:22
 
Lč sa a, Seyč a reponn li: -Ou mčt fč sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvčnen yo. Epi Samyčl di moun pčp Izrayčl yo: -Tout moun mčt tounen lakay yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 92 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards