All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 6

1 Samuel 7:1-17

1 Samuel 8 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 7:1
 
ś Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyč a. Yo mete l' lakay Abinadad, sou tčt yon ti mňn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyč a.  
 
1Sa 7:2
 
Bwat Kontra Seyč a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pčp Izrayčl yo t'ap rele nan pye Seyč a pou mande l' sekou.  
 
1Sa 7:3
 
ś Samyčl pale ak tout pčp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyč a ak tout kč nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lňt nasyon yo ak tout pňtre metrčs Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyč a sčlman, se li menm ase pou nou sčvi. Lč sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.  
 
1Sa 7:4
 
Se konsa moun pčp Izrayčl yo wete tout estati bondye Baal ak metrčs Astate yo nan mitan yo. Yo pran sčvi Seyč a sčlman.  
 
1Sa 7:5
 
Apre sa, Samyčl di yo: -Sanble tout pčp Izrayčl la lavil Mispa, m'a lapriyč Seyč a la pou nou.  
 
1Sa 7:6
 
Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atč tankou yon ofrann pou Seyč a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyč a! Samyčl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pčp Izrayčl la.  
 
1Sa 7:7
 
ś Lč moun Filisti yo vin konnen pčp Izrayčl la te sanble lavil Mispa, senk chčf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pčp Izrayčl yo tande sa, yo te pč.  
 
1Sa 7:8
 
Epi yo di Samyčl: -Pa sispann lapriyč Seyč a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo.  
 
1Sa 7:9
 
Samyčl pran yon ti mouton dčyč manman, li boule l' nčt, li ofri l' bay Seyč a. Lčfini, Samyčl lapriyč Seyč a pou l' vin ede pčp Izrayčl la. Seyč a reponn lapriyč a.  
 
1Sa 7:10
 
Pandan Samyčl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pčp Izrayčl la vin atake yo. Men lč sa a, Seyč a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pčdi tčt yo, yo pran kouri met deyň devan pčp Izrayčl la.  
 
1Sa 7:11
 
Moun Izrayčl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dčyč moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bčtka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat.  
 
1Sa 7:12
 
Lč sa a, Samyčl pran yon wňch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wňch la Ebenezč, paske li t'ap di: Jouk jňdi a se Seyč a ki pote nou sekou.  
 
1Sa 7:13
 
ś Se konsa moun Filisti yo te pčdi batay la nčt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayčl yo ankň. Seyč a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyčl te vivan.  
 
1Sa 7:14
 
Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayčl yo ankň. Se konsa pčp Izrayčl la te mete moun Filisti yo deyň sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagč menm ant moun Izrayčl yo ak moun Amori yo.  
 
1Sa 7:15
 
Samyčl gouvčnen pčp Izrayčl la jouk li mouri.  
 
1Sa 7:16
 
Chak lanne li te fč vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betčl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lňt.  
 
1Sa 7:17
 
Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafč pou pčp Izrayčl la tou. Li te bati yon lotčl pou Seyč a lavil Rama.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 82 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards