| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 6:1 | ś Bwat Kontra Seyč a te gen tan pase sčt mwa nan peyi Filisti a.
| |
| | 1Sa 6:2 | Moun Filisti yo fč rele prčt yo ak divinň yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fč ak Bwat Kontra Seyč a? Ki jan pou n' fč pou n' voye l' tounen nan plas li?
| |
| | 1Sa 6:3 | Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichňy ki va sčvi pou peye pou sa nou fč a. Si nou fč l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa.
| |
| | 1Sa 6:4 | Pčp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sčvi pou peye pou sa nou fč a? Yo di yo: -Senk bouton lň ak senk sourit an lň, yonn pou chak chčf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chčf nou yo.
| |
| | 1Sa 6:5 | N'a fč bouton lň yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fč senk sourit an lň pňtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekončt Bondye pčp Izrayčl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lč sa a, nou kwč l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.
| |
| | 1Sa 6:6 | Poukisa pou n'ap fč tčt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lč Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fč wout yo?
| |
| | 1Sa 6:7 | Nou pral pare yon kabwa tou nčf ak de manman bčf ki gen pitit dčyč yo epi ki pa janm sčvi pou fč ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fč ti bčf dčyč manman yo tounen lakay.
| |
| | 1Sa 6:8 | N'a pran Bwat Kontra Seyč a, n'a mete l' sou kabwa a. N'a pran sa n'ap bay pou sčvi pou peye pou sa nou fč a, n'a mete yo nan yon ti bwat sou kote l'. N'a mete kabwa a sou wout la, n'a kite l' ale pou kont li.
| |
| | 1Sa 6:9 | N'a rete ap gade l' ale. Si nou wč l' pran chemen moute lavil Bčt-Chemčch, n'a konnen se Bondye pčp Izrayčl la ki te voye tout malč sa yo sou nou. Men si li pran yon lňt wout, lč sa a n'a konnen malč sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
| |
| | 1Sa 6:10 | ś Moun yo fč sa yo te di yo fč a. Yo pran de manman bčf ki te gen pitit dčyč yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bčf ki te dčyč manman yo lakay.
| |
| | 1Sa 6:11 | Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lň yo ak pňtre bouton yo.
| |
| | 1Sa 6:12 | Bčf yo pran wout lavil Bčt-Chemčch dirčk dirčk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bčf yo t'ap rele. Senk chčf moun Filisti yo t'ap mache dčyč yo jouk yo rive sou baliz lavil Bčt-Chemčch.
| |
| | 1Sa 6:13 | Moun lavil Bčt-Chemčch yo t'ap ranmase ble nan plenn lan. Lč yo leve je yo, yo wč Bwat Kontra a, yo pran rele sitčlman yo te kontan.
| |
| | 1Sa 6:14 | Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bčt-Chemčch epi li rete. Te gen yon gwo wňch bň la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bčf yo, epi yo boule yo nčt pou Seyč a.
| |
| | 1Sa 6:15 | Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyč a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lň yo. Yo mete yo sou gwo wňch la. Jou sa a, moun lavil Bčt-Chemčch yo ofri lňt bčt tou pou boule nčt nan dife ansanm ak lňt ofrann pou Seyč a.
| |
| | 1Sa 6:16 | Lč senk chčf moun Filisti yo wč sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a.
| |
| | 1Sa 6:17 | Moun Filisti yo te voye senk bouton lň bay Seyč a pou sa te sčvi pou peye pou sa yo te fč a: yonn pou Asdňd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon.
| |
| | 1Sa 6:18 | Yo te voye senk ti sourit fčt an lň tou, yonn pou chak lavil kote chčf moun Filisti yo t'ap kňmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wňch kote yo te mete Bwat Kontra Seyč a nan mitan jaden Jozye a, bň lavil Bčt-Chemčch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fč chonje sak te rive lč sa a.
| |
| | 1Sa 6:19 | ś Apre sa, Seyč a te touye kčk moun nan moun lavil Bčt-Chemčch yo paske yo t' al voye je yo wč sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pčp la te nan gwo lapenn, paske Seyč a te fč gwo malč sa a sou yo.
| |
| | 1Sa 6:20 | Lč sa a, moun lavil Bčt-Chemčch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyč a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bň pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?
| |
| | 1Sa 6:21 | Yo pran kčk mesaje, yo voye yo ale bň kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyč a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.
| |