All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 4

1 Samuel 5:1-12

1 Samuel 6 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 5:1
 
ś Lč moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bň lavil Ebenezč, yo pote l' ale lavil Asdňd.  
 
1Sa 5:2
 
Yo antre avč l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an.  
 
1Sa 5:3
 
Nan denmen maten byen bonč, lč moun lavil Asdňd yo leve, yo wč estati Dagon an te tonbe fas atč devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankň.  
 
1Sa 5:4
 
Nan denmen ankň lč yo leve nan maten, yo wč estati Dagon an te tonbe fas atč devan Bwat Kontra Seyč a. Tčt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papňt tanp lan. Se rčs kň a ase ki te rete.  
 
1Sa 5:5
 
Se poutčt sa, jouk koulye a, ni prčt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdňd, lč yo rive devan pňtay la, yo sote papňt la, yo pa janm pile li.  
 
1Sa 5:6
 
ś Seyč a t'ap manyen ak pčp lavil Asdňd la, li te mete yo vant ba. Li fč yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.  
 
1Sa 5:7
 
Lč moun lavil Asdňd yo wč sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la nan mitan nou ankň! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidňl nou an, ansanm ak nou.  
 
1Sa 5:8
 
Se konsa yo voye chache senk chčf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fč ak Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la? Chčf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la lavil Gat.  
 
1Sa 5:9
 
Men, lč Bwat Kontra a rive la, Seyč a manyen ak moun lavil la. Li fč yon sčl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kň moun lavil la, timoun kou granmoun.  
 
1Sa 5:10
 
Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!  
 
1Sa 5:11
 
Yo fč chache senk chčf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pčp Izrayčl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tčt anba, moun t'ap mouri paske Seyč a t'ap manyen rčd ak yo.  
 
1Sa 5:12
 
Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kň yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 62 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards