All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 29

1 Samuel 30:1-31

1 Samuel 31 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 30:1
 
ś De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalčk yo te gen tan anvayi tout zňn Negčv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nčt.  
 
1Sa 30:2
 
Lčfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rčs moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fč wout yo.  
 
1Sa 30:3
 
Lč David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nčt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout.  
 
1Sa 30:4
 
David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankň.  
 
1Sa 30:5
 
Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyčl ak Abigayčl, madan defen Nabal, moun lavil Kamčl.  
 
1Sa 30:6
 
David te nan gwo tčt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pčdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fč lide touye David ak kout wňch. Men, Seyč a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.  
 
1Sa 30:7
 
ś David rele Abyata, prčt la, pitit gason Akimelčk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.  
 
1Sa 30:8
 
David pale ak Seyč a, li di li: -Eske se pou m' ale dčyč bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyč a di li: -Ou mčt ale dčyč yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fč prizonye yo.  
 
1Sa 30:9
 
Se konsa David pati avčk sisan (600) mesye ki te avč l' yo. Lč yo rive nan ravin Bezň a, gen kčk nan mesye yo ki rete la.  
 
1Sa 30:10
 
David menm kontinye sou wout li avčk katsan (400) moun. Lňt desan (200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fňs pou yo te travčse dlo Bezň a.  
 
1Sa 30:11
 
Mesye ki t' ale avčk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zňn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwč.  
 
1Sa 30:12
 
Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chčch. Lč li fin manje, li reprann fňs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwč dlo.  
 
1Sa 30:13
 
David mande l': -Ki moun ki mčt ou? Moun ki bň ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalčk yo. Jňdi a fč twa jou depi mčt mwen kite m' dčyč, paske mwen te malad.  
 
1Sa 30:14
 
Nou te anvayi zňn Negčv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zňn Negčv ki nan peyi Jida a, ak zňn Negčv ki nan peyi Kalčb la. Lčfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.  
 
1Sa 30:15
 
David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomčt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mčt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.  
 
1Sa 30:16
 
Li mennen David kote moun Amalčk yo ye a. Moun Amalčk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwč t'ap bwč. Yo t'ap fč fčt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo.  
 
1Sa 30:17
 
Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswč. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kčk chamo epi ki gen tan kouri ale.  
 
1Sa 30:18
 
David sove dčnye sa moun Amalčk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou.  
 
1Sa 30:19
 
David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalčk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen.  
 
1Sa 30:20
 
Lčfini, li pran tout bann mouton ak bčf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bčt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la.  
 
1Sa 30:21
 
ś David t'ap tounen, li rive bň desan (200) mesye li te kite bň ravin Bezň a paske yo te twň fčb pou ale avč l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lňt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bčl bonjou.  
 
1Sa 30:22
 
Men, pami mesye ki t' ale avčk David yo, te gen kčk malveyan ak vňryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avčk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmčt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fč wout yo.  
 
1Sa 30:23
 
Men David di yo konsa: -Frč m' yo, nou pa ka fč sa ak sa Seyč a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou.  
 
1Sa 30:24
 
Pesonn pa ka dakň ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dčyč nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen.  
 
1Sa 30:25
 
Se konsa depi jou sa a, David fč prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jňdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayčl.  
 
1Sa 30:26
 
Lč David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lčnmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chčf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lčnmi Seyč yo.  
 
1Sa 30:27
 
Li voye bay moun lavil Betčl, bay moun lavil Rama nan zňn Negčv la, bay moun lavil Yati,  
 
1Sa 30:28
 
bay moun lavil Awoyč, bay moun lavil Sifmňt ak moun lavil Echtemoa,  
 
1Sa 30:29
 
bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyčl yo ak nan lavil moun Kayen yo,  
 
1Sa 30:30
 
bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak,  
 
1Sa 30:31
 
bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 291 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 312 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards