All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 28

1 Samuel 29:1-11

1 Samuel 30 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 29:1
 
ś Moun Filisti yo sanble tout sňlda yo nčt lavil Afčk. Moun Izrayčl yo menm te moute kan yo bň sous ki nan Fon Jizreyčl la.  
 
1Sa 29:2
 
Senk chčf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dčyč lňt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sňlda ak rejiman mil sňlda. David t'ap mache dčyč nčt avčk mesye l' yo ansanm ak Akich.  
 
1Sa 29:3
 
Lňt chčf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fč la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sčvi ak Sayil, wa pčp Izrayčl la. Li gen kčk tan depi li avč m'. Depi jou li kite wa pčp Izrayčl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jňdi a.  
 
1Sa 29:4
 
Men, lňt chčf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fč l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avčk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bčl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankň ak mčt li.  
 
1Sa 29:5
 
Lčfini, fňk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fč chante sa a lč yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil.  
 
1Sa 29:6
 
ś Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyč ki vivan an pou temwen, ou se yon nčg serye, ou toujou kenbe pawňl ou avč m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wč ou la avč m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jňdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fč ki mal. Men, mesye chčf yo pa fč ou konfyans.  
 
1Sa 29:7
 
Konsa, tounen al lakay ou ak kč poze. Epi, piga ou janm fč anyen ki pa fč yo plezi, tande!  
 
1Sa 29:8
 
David reponn li: -Men, mčt mwen, kisa m' fč? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sčvi ou rive jňdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fč ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bň kote ou, monwa, mčt mwen, kont lčnmi ou yo?  
 
1Sa 29:9
 
Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fč? Lňt chčf yo di ou pa pral avčk nou nan batay la.  
 
1Sa 29:10
 
Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonč bonč, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mčt ou a, pou yo te vin avč ou bň isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fč wout nou.  
 
1Sa 29:11
 
Konsa vre, nan denmen maten, bonč bonč David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyčl.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 281 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 302 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards