All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 27

1 Samuel 28:1-25

1 Samuel 29 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 28:1
 
ś Kčk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sňlda yo pou y' al goumen ak pčp Izrayčl la. Lč sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avč m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.  
 
1Sa 28:2
 
David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wč sa m' ka fč. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fč ou gad kň mwen pou tout tan.  
 
1Sa 28:3
 
Samyčl te deja mouri lč sa a, tout pčp Izrayčl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinň deyň nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mň pou pale ak yo.  
 
1Sa 28:4
 
Sňlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bň lavil Chounčm. Sayil menm sanble tout sňlda pčp Izrayčl yo, epi li moute kan l' sou mňn Gilboa.  
 
1Sa 28:5
 
Lč Sayil wč lame moun Filisti yo, li soti pč, kč l' pran bat byen fň.  
 
1Sa 28:6
 
Se konsa, li mande Seyč a sa pou l' fč. Men, Seyč a pa ba li ankenn repons, ni nan rčv, ni avčk ourim yo, ni nan mesaj pwofčt yo.  
 
1Sa 28:7
 
ś Lč sa a, Sayil rele moun k'ap sčvi avč l' yo, li ba yo lňd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mň pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andň.  
 
1Sa 28:8
 
Sayil mete lňt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mň pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'.  
 
1Sa 28:9
 
Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fč a pa vre? Li te mete tout divinň ak tout moun k'ap pale ak mň deyň nan peyi a wi. Poukisa atň w'ap seye pran m' nan plan pou fč yo touye m'?  
 
1Sa 28:10
 
Sayil pran non Bondye fč sčman, li di: -Devan Seyč ki vivan an, mwen fč sčman yo p'ap fč ou anyen pou zafč sa a.  
 
1Sa 28:11
 
Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyčl pou mwen.  
 
1Sa 28:12
 
Lč madanm lan wč Samyčl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil!  
 
1Sa 28:13
 
Wa a di l': -Ou pa bezwen pč. Kisa ou wč? Fanm lan di Sayil: -Mwen wč yon lespri k'ap moute soti anba tč a.  
 
1Sa 28:14
 
Wa a di l': -Kisa ou wč li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lč sa a, Sayil vin konnen se te Samyčl. Li tonbe ajenou, li bese tčt li jouk atč.  
 
1Sa 28:15
 
ś Samyčl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fč m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tčt chaje: Moun Filisti yo ap fč m' lagč. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avč m' ankň, ni nan rčv, ni nan mesaj pwofčt yo. Se poutčt sa, mwen fč rele ou pou ou ka fč m' konnen sa pou m' fč.  
 
1Sa 28:16
 
Samyčl di l': -Koulye a Seyč a vire do ba ou, li tounen lčnmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa?  
 
1Sa 28:17
 
Seyč a annik fč sa li te di m' di ou la: li wete gouvčnman an nan men ou, li bay David li pito.  
 
1Sa 28:18
 
Ou pa t' koute sa Seyč a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalčk yo nčt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutčt sa Seyč a fč ou sa li fč ou jňdi a.  
 
1Sa 28:19
 
Li pral lage ou ansanm ak tout pčp Izrayčl la nan men moun Filisti yo. Denmen lč konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avč m'. Seyč a pral lage lame pčp Izrayčl la nan men moun Filisti yo.  
 
1Sa 28:20
 
ś Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atč, li te pč akňz pawňl Samyčl te di l' la a. Li te fčb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten.  
 
1Sa 28:21
 
Fanm lan al jwenn Sayil atč a, li wč jan Sayil t'ap tranble tčlman li te pč. Li di l' konsa: -Tanpri, mčt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fč sa ou te mande m' fč a.  
 
1Sa 28:22
 
Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fč sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fňs ankň pou ou ka al fč wout ou.  
 
1Sa 28:23
 
Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avč l' yo ansanm ak fanm lan pale avč l', yo fč l' tande rezon. Bout pou bout, li dakň, li leve sot atč a, li chita sou kabann lan.  
 
1Sa 28:24
 
Fanm lan te gen yon ti bčf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fč pat avč l', li kwit kčk ti pen san ledven.  
 
1Sa 28:25
 
Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lčfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 271 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 292 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards