All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 25

1 Samuel 26:1-25

1 Samuel 27 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 26:1
 
ś Moun ki rete nan dezč Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mňn Akila a, sou limit dezč peyi Jida a.  
 
1Sa 26:2
 
Sayil pati lamenm avčk twamil (3000) sňlda nan pi bon sňlda peyi Izrayčl la. Li desann nan dezč Zif la al dčyč David.  
 
1Sa 26:3
 
Li moute kan li sou ti mňn Akila a, toupre wout la, sou limit dezč a. David menm te nan dezč a toujou. Lč li vin konnen Sayil te vin dčyč l' nan dezč a,  
 
1Sa 26:4
 
li voye kčk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezč a.  
 
1Sa 26:5
 
David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kňmandan lame li a, Abnč, pitit gason Nč a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sňlda yo te kouche bň kote l'.  
 
1Sa 26:6
 
ś David pale ak Akimelčk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frč Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilčs nan nou de a ki ta vle desann avč m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avč ou.  
 
1Sa 26:7
 
Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wč Sayil kouche ap dňmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tč a bň tčt li. Abnč ak tout rčs sňlda yo te kouche bň kote l' ap dňmi tou.  
 
1Sa 26:8
 
Abichayi di David konsa: -Aswč a Seyč a lage lčnmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atč a ak pwňp frenn li a. Yon sčl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.  
 
1Sa 26:9
 
Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyč a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.  
 
1Sa 26:10
 
Apre sa, David di: -Mwen fč sčman devan Seyč ki vivan an, se Seyč a menm ki pou touye l'. L'a mouri lč lč pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagč.  
 
1Sa 26:11
 
Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyč a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bň tčt li a. Epi ann ale.  
 
1Sa 26:12
 
David pran frenn lan ak krich dlo ki te bň tčt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wč sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dňmi an. Yo te dňmi nčt ale, paske Seyč a te fč yon gwo dňmi pran yo.  
 
1Sa 26:13
 
ś Lč sa a, David janbe lňt bň fon an, li kanpe sou tčt ti mňn lan, byen lwen ak yon bčl distans nan mitan li ak lame a.  
 
1Sa 26:14
 
Li pran rele sňlda yo ak Abnč, pitit gason Nč a, li di yo konsa: -Abnč o! Eske ou tande mwen? Abnč reponn: -Kilčs k'ap rele nan zňrčy wa a konsa?  
 
1Sa 26:15
 
David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avč ou nan peyi Izrayčl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mčt ou, pi byen? Talč a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a.  
 
1Sa 26:16
 
Li pa bon non sa ou fč a. Ou manke sou travay ou, Abnč. Mwen fč sčman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mčt nou, wa Seyč a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bň tčt li a?  
 
1Sa 26:17
 
Sayil rekončt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa!  
 
1Sa 26:18
 
Apre sa, li di ankň: -Chčmčt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sčvi ou la? Kisa m' fč? Ki krim mwen fč?  
 
1Sa 26:19
 
Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyč a ki moute tčt ou kont mwen, al fč yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fč ou fč sa, se pou madichon Seyč a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyň nan peyi a pou m' pčdi pňsyon pa m' nan tč Seyč a te bay pčp li a, yo voye m' al sčvi lňt bondye.  
 
1Sa 26:20
 
Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyč a! Poukisa pou wa Izrayčl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dčyč m' nan tout mňn yo tankou lč moun ap fč lachas ranmye!  
 
1Sa 26:21
 
ś Sayil reponn: -Sa m' fč a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fč ou mal paske ou refize touye m' aswč a ankň. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fč yon bagay ki pa bon menm.  
 
1Sa 26:22
 
David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fč yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'.  
 
1Sa 26:23
 
Seyč a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomčs yo. Jňdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fč ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyč a te chwazi a.  
 
1Sa 26:24
 
Menm jan mwen te gen respč pou ou jňdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyč a pou l' fč menm bagay la pou mwen tou, lčfini pou l' wete m' nan tout tčt chaje sa yo.  
 
1Sa 26:25
 
Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fč mache byen! Apre sa, David al fč wout li, Sayil menm tounen lakay li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 251 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 272 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards