| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 23:1 | ś Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t' al atake lavil Keyila, yo t'ap vňlň tout grenn jaden moun yo te gen sou glasi yo.
| |
| | 1Sa 23:2 | Lč sa a, David al mande Seyč a: -Eske mwen mčt al atake moun Filisti yo? Seyč a di David: -Ou mčt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila.
| |
| | 1Sa 23:3 | Men, moun David yo di l' konsa: -Kote nou ye bň isit la nan peyi Jida, nou te pč kont kň nou deja. Sa pral pi rčd pou nou si se pou n' al lavil Keyila pou n' goumen ak lame moun Filisti yo.
| |
| | 1Sa 23:4 | David tounen al pale ak Seyč a ankň. Seyč a reponn li: -Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou.
| |
| | 1Sa 23:5 | Se konsa, David mache sou lavil Keyila avčk tout moun ki te avč l' yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo.
| |
| | 1Sa 23:6 | Lč Abyata, pitit gason Akimelčk la, te sove al jwenn David, li te desann lavil Keyila avčk Bwat Kontra Bondye a nan men l'.
| |
| | 1Sa 23:7 | ś Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fčmen kň l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pňtay byen solid!
| |
| | 1Sa 23:8 | Se konsa Sayil fč rele tout lame li a pou y' al goumen, pou yo mache sou lavil Keyila, pou yo sčnen David ansanm ak tout moun ki te avč l' yo.
| |
| | 1Sa 23:9 | Lč David tande Sayil te fč lide vin atake l', li rele Abyata, prčt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini!
| |
| | 1Sa 23:10 | Epi David di: -Seyč, ou menm ki Bondye pčp Izrayčl la, mwen tande yo di Sayil pare pou l' antre lavil Keyila, pou l' kraze l' nčt e se dčyč m' li ye.
| |
| | 1Sa 23:11 | Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men l'? Eske se tout bon Sayil ap desann jan yo di m' li an? O Seyč, Bondye pčp Izrayčl la, tanpri, di m' si se vre? Seyč a reponn: -Sayil ap desann vre!
| |
| | 1Sa 23:12 | David di li: -Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men Sayil? Seyč a reponn: -Y'ap fč l' vre.
| |
| | 1Sa 23:13 | Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avč l' yo. Yo te sisan (600) konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lč Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankň.
| |
| | 1Sa 23:14 | ś David te rete kache nan falčz ki nan dezč Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.
| |
| | 1Sa 23:15 | Atousa David te pč toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bň lavil Oreya, nan dezč Zif la.
| |
| | 1Sa 23:16 | Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avčk li.
| |
| | 1Sa 23:17 | Li t'ap di l' konsa: -David monchč, ou pa bezwen pč! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pčp Izrayčl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou!
| |
| | 1Sa 23:18 | De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyč a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.
| |
| | 1Sa 23:19 | ś Kčk moun nan zňn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falčz ki bň lavil Oreya, sou mňn Akiya ki nan bň sid dezč Jida a.
| |
| | 1Sa 23:20 | Nenpňt kilč ou fč lide desann lakay nou, ou mčt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li.
| |
| | 1Sa 23:21 | Sayil reponn yo: -Se pou Seyč a beni nou pou sa n'ap fč pou mwen la a.
| |
| | 1Sa 23:22 | Ale non. Ale wč si se vre. Se pou nou chache konnen byen kote li fč, ki moun ki wč l' la. Paske yo di m' li malen anpil.
| |
| | 1Sa 23:23 | Chache konnen tout kote li kab kache. Epi lč n'a sčten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lč sa a, m'a desann avčk nou. Si li la toujou nan peyi a, m' aval chache l', menm si m' dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a.
| |
| | 1Sa 23:24 | Se konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezč Maon an, nan fon ki nan pňsyon sid dezč a.
| |
| | 1Sa 23:25 | Sayil ak moun pa l' yo mete chache David. Men David vin konn sa. Li desann nan Pas Galčt la, ki nan dezč Maon an. Epi li rete la. Lč Sayil vin konn sa, li desann dčyč David nan dezč Maon an.
| |
| | 1Sa 23:26 | Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bň ravin lan sou flan mňn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lňt bň a, sou flan mňn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bčl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dčyč l'. Sayil te prčt pou mete men sou li.
| |
| | 1Sa 23:27 | Lč sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l' konsa: -Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a.
| |
| | 1Sa 23:28 | Sayil sispann kouri dčyč David, l' al mache kontre moun Filisti yo. Se poutčt sa yo rele ravin sa a Galčt Separasyon.
| |
| | 1Sa 23:29 | David menm ale nan falčz Angedi yo, li rete kache la.
| |