All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 21

1 Samuel 22:1-23

1 Samuel 23 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 22:1
 
ś David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwňt toupre lavil Adoulam. Lč frč l' yo ak rčs fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.  
 
1Sa 22:2
 
Lč sa a, tout moun ki te gen pwoblčm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chčf yo. Te gen katsan (400) gason konsa antou.  
 
1Sa 22:3
 
David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fč avč m'.  
 
1Sa 22:4
 
Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwňt la.  
 
1Sa 22:5
 
Yon pwofčt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwňt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erčt la.  
 
1Sa 22:6
 
ś Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mňn lan, avčk frenn li nan men l'. Tout chčf ki t'ap sčvi avč l' yo te kanpe la bň kote l'. Li te pran nouvčl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye.  
 
1Sa 22:7
 
Epi Sayil di chčf ki t'ap sčvi avč l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fč nou kaptenn ak chčf nan lame li a?  
 
1Sa 22:8
 
Se poutčt sa nou tout n'ap fč konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwňp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tčt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sčvi avč m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'.  
 
1Sa 22:9
 
Dočg, moun peyi Edon an ki te chčf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wč David, pitit gason Izayi a lč li t' ale lavil Nňb, lakay Akimelčk, pitit gason Akitoub la.  
 
1Sa 22:10
 
Akimelčk te pale ak Seyč a pou David. Apre sa, li bay David kčk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sňlda Filisti a.  
 
1Sa 22:11
 
Se konsa, wa a voye rele Akimelčk, prčt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prčt tou nan lavil Nňb. Yo tout moute kay wa a.  
 
1Sa 22:12
 
Sayil di Akimelčk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelčk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa!  
 
1Sa 22:13
 
Sayil mande l': -Poukisa ou mete tčt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fč konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyč a pou li? Koulye a, men li leve dčyč m', l'ap chache okazyon pou li touye m'.  
 
1Sa 22:14
 
Akimelčk reponn li: -Nan tout moun k'ap sčvi avč ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fč pati gad kň ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'.  
 
1Sa 22:15
 
Se pa jňdi a premye fwa mwen pale ak Seyč a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fč konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa!  
 
1Sa 22:16
 
Wa a di l' konsa: -Akimelčk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo.  
 
1Sa 22:17
 
Lčfini, li di gad ki te kanpe bň kote l' yo: -Touye prčt Seyč yo. Yo menm tou y'ap fč konplo ak David la. Yo te konnen byen pwňp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prčt Seyč a pou touye yo.  
 
1Sa 22:18
 
Lč sa a, Sayil di Dočg: -Ou menm, touye prčt yo: Epi Dočg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prčt Seyč a.  
 
1Sa 22:19
 
Sayil fč touye tout moun ki te rete nan Nňb, lavil prčt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bčf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.  
 
1Sa 22:20
 
ś Sčl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelčk yo, te resi chape kň l'. Li kouri l' al jwenn David.  
 
1Sa 22:21
 
Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prčt Seyč yo.  
 
1Sa 22:22
 
David di l' konsa: -Depi mwen te wč Dočg, nčg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmň tout fanmi ou yo.  
 
1Sa 22:23
 
Ou mčt rete avč m'. Ou pa bezwen pč. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bň kote m', anyen p'ap rive ou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 211 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 232 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards