All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 20

1 Samuel 21:1-15

1 Samuel 22 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 21:1
 
ś David ale lakay Akimelčk, prčt la, nan lavil Nňb. Akimelčk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avč ou?  
 
1Sa 21:2
 
David reponn li: -Wa a voye m' regle yon bagay pou li. Li di m' pa kite pesonn konnen sa li voye m' fč a. Pou moun ki avč m' yo, mwen ba yo randevou yon kote.  
 
1Sa 21:3
 
Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpňt lňt sa ou genyen.  
 
1Sa 21:4
 
Prčt la di l': -Mwen pa gen pen ňdinč la a non. Sčl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kčk jou.  
 
1Sa 21:5
 
David reponn li: -Se toujou konsa, lč nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mčt pou yon misyon ňdinč, mesye m' yo fčt pou toujou nan kondisyon pou yo fč sčvis Bondye, ale wč fwa sa a se pou yon misyon espesyal.  
 
1Sa 21:6
 
Se konsa prčt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sčl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fčk wete yo sou tab la devan Seyč a pou yo te mete lňt pen fre.  
 
1Sa 21:7
 
Men jou sa a, Dočg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bčt pou l' te ofri pou Seyč a. Se li ki te chčf tout gadň mouton Sayil yo.  
 
1Sa 21:8
 
David di Akimelčk ankň: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m' lňd pou m' te pati prese prese, mwen pa t' gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lňt zam.  
 
1Sa 21:9
 
Akimelčk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sňlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dčyč Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mčt pran l'. Se sčl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'.  
 
1Sa 21:10
 
ś Lčfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la.  
 
1Sa 21:11
 
Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fč chante yo t'ap chante lč yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!  
 
1Sa 21:12
 
Pawňl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pč Akich, wa lavil Gat la.  
 
1Sa 21:13
 
Li pran pňz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lč yo mete men sou li. Li pran fč grabji ak dwčt li sou pňt yo, li kite bave koule sou tout bab li.  
 
1Sa 21:14
 
Lč sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wč se yon moun fou? Poukisa nou mennen l' ban mwen?  
 
1Sa 21:15
 
Mwen pa gen kont moun fou avč m' deja? Poukisa nou mennen sa a ankň vin plede fč tenten andedan lakay mwen an?  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 201 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 222 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards