All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 1

1 Samuel 2:1-36

1 Samuel 3 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 2:1
 
ś Lč sa a, Ana lapriyč, li di: -Seyč a fč kč m' kontan anpil! Seyč a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tčt ak lčnmi yo. Kč m' kontan paske Bondye delivre mwen.  
 
1Sa 2:2
 
Pa gen Bondye tankou Seyč a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.  
 
1Sa 2:3
 
Sispann pale avčk lňgčy. Pa kite pawňl radiyčs soti nan bouch nou. Paske Seyč a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fč.  
 
1Sa 2:4
 
L'ap kraze zam ki nan men vanyan sňlda yo. Men l'ap bay moun ki fčb yo fňs kouraj.  
 
1Sa 2:5
 
Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankň. Fanm ki pa t' ka fč pitit la fč pitit sčt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.  
 
1Sa 2:6
 
Seyč a touye, lčfini li bay lavi ankň. Li fč moun desann nan peyi kote mň yo ye a. Li mennen yo tounen ankň.  
 
1Sa 2:7
 
Li fč moun rich, li fč moun pňv. Li desann moun jouk atč, lčfini li fč yo kanpe ankň.  
 
1Sa 2:8
 
Li wete pňv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizč yo. Li fč yo chita menm kote ak grannčg yo. Li ba yo bčl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latč, se nan men Seyč a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.  
 
1Sa 2:9
 
L'ap pwoteje lavi moun k'ap sčvi l' ak tout kč yo. Men, mechan yo pral mouri nan fčnwa. Paske se pa fňs kouraj yon nonm k'ap fč l' genyen.  
 
1Sa 2:10
 
Seyč a ap kraze tout lčnmi l' yo. L'ap rete nan syčl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyč a gen pou jije dčnye moun ki sou latč. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.  
 
1Sa 2:11
 
ś Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l' te sčvi Seyč a sou zňd Eli, prčt la.  
 
1Sa 2:12
 
Pitit gason Eli yo te yon bann vňryen. Pou yo, Seyč a pa t' egziste,  
 
1Sa 2:13
 
ni yo pa t' aji jan prčt yo fčt pou aji ak pčp la. Chak fwa yon nonm t'ap touye bčt pou ofri bay Bondye, domestik prčt la vini avčk yon gwo fouchčt twa dan nan men l'. Antan vyann lan ap kwit nan dife a,  
 
1Sa 2:14
 
li plonje fouchčt la nan kaswňl la, nan chodyč a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchčt la te pran, se te pou prčt la. Se konsa yo te fč sa lavil Silo ak tout moun pčp Izrayčl la ki te vin fč ofrann yo la.  
 
1Sa 2:15
 
Sa ki pi rčd ankň, anvan menm yo te wete grčs pou boule yo, domestik prčt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bčt yo te touye a konsa: -Ban m' moso vyann pou prčt la fč woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre.  
 
1Sa 2:16
 
Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grčs la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prčt la ap di l': -Non! Ban mwen l' koulye a. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l' ak fňs pa m'.  
 
1Sa 2:17
 
Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyč a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fč pou Seyč a.  
 
1Sa 2:18
 
Ti Samyčl menm t'ap sčvi Seyč a. Li te gen yon ti jile tankou prčt yo konn mete a.  
 
1Sa 2:19
 
Chak lanne manman l' te fč yon ti rad pou li, epi li te pote l' ba li lč li moute ak mari l' pou touye bčt pou yo ofri chak lanne a.  
 
1Sa 2:20
 
Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M'ap lapriyč Seyč a pou l' ba ou lňt pitit avčk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyč a. Apre sa yo tounen lakay yo.  
 
1Sa 2:21
 
Seyč a beni Ana ankň. Ana fč senk lňt pitit, de fi twa gason. Ti Samyčl menm t'ap grandi nan kay Seyč a.  
 
1Sa 2:22
 
Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fč moun Izrayčl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pňtay devan Kay Randevou a.  
 
1Sa 2:23
 
Lč sa a, li di yo konsa: -Poukisa n'ap fč bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pčp la.  
 
1Sa 2:24
 
Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bčl bagay menm.  
 
1Sa 2:25
 
Si yon moun fč yon lňt yon bagay mal, Seyč a ka pran defans li. Men lč se Bondye menm yon moun fč mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyč a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo.  
 
1Sa 2:26
 
Ti Samyčl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fč ni Bondye ni lčzňm plezi.  
 
1Sa 2:27
 
ś Yon pwofčt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyč a voye di ou: Lč zansčt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sčvi farawon an, mwen te fč yo konnen ki moun mwen ye.  
 
1Sa 2:28
 
Nan tout branch fanmi pčp Izrayčl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sčvi m' prčt devan lotčl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prčt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pňsyon nan tout bčt yo ofri pou boule pou mwen sou lotčl la.  
 
1Sa 2:29
 
Pouki nou pa respekte bčt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lňd pou pčp la fč nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifč ou kite yo ap gra ak pi bon pňsyon nan tout ofrann moun pčp Izrayčl yo ap fč pou mwen?  
 
1Sa 2:30
 
Se poutčt sa, mwen menm Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomčt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sčvi m' prčt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fč sa ankň paske m'ap fč bčl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fč yo wont. Se mwen menm Seyč a ki di sa.  
 
1Sa 2:31
 
Gade! Koulye a lč a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansčt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.  
 
1Sa 2:32
 
Lespri ou pral boulvčse lč w'a wč tout bagay ap mache byen pou pčp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun.  
 
1Sa 2:33
 
M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sčvi m' prčt. Men, l'ap pčdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avč l'. Tout lňt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon.  
 
1Sa 2:34
 
Lč w'a wč de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre.  
 
1Sa 2:35
 
Mwen pral chwazi yon lňt prčt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fč tou sa m'a vle l' fč, tou sa mwen ta renmen wč l' fč. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparčt, se yo ki va toujou sčvi wa mwen va chwazi a.  
 
1Sa 2:36
 
Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bň kote prčt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyč nan pye prčt la pou prčt la kite l' ede lňt prčt yo pou li ka jwenn kichňy pou l' manje.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 32 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards