All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 18

1 Samuel 19:1-24

1 Samuel 20 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 19:1
 
ś Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chčf k'ap sčvi avč l' yo, li di yo li fč lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.  
 
1Sa 19:2
 
Li fč David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kň ou yon kote. Pa soti menm.  
 
1Sa 19:3
 
Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fč ou konnen.  
 
1Sa 19:4
 
Jonatan t'ap bay bčl pawňl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fč David, sčvitč ou la, anyen. Li menm, li pa janm fč ou anyen. Tou sa li fč toujou sčvi ou.  
 
1Sa 19:5
 
Li riske lavi li lč l' al touye sňlda Filisti a. Se konsa Seyč a te delivre tout pčp la, se te bčl bagay. Ou te wč sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wč malč rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fč anyen?  
 
1Sa 19:6
 
Sayil koute Jonatan, li fč sčman, li di l': -Mwen fč sčman devan Seyč a ki vivan, yo p'ap touye David.  
 
1Sa 19:7
 
Jonatan rele David, li rapňte l' tout pawňl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sčvi wa a ankň jan li te konn fč anvan an.  
 
1Sa 19:8
 
ś Lagč pete ankň ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fč yo kouri met deyň devan li.  
 
1Sa 19:9
 
Yon jou Seyč a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik.  
 
1Sa 19:10
 
Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kň l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kň l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit,  
 
1Sa 19:11
 
ś Sayil voye kčk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avčti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri.  
 
1Sa 19:12
 
Li fč David soti nan yon fennčt. David kouri, li chape kň l'.  
 
1Sa 19:13
 
Lč sa a, Mikal pran yon zidňl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zňrye fčt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tčt la, epi li kouvri tout ak yon dra.  
 
1Sa 19:14
 
Lč moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad.  
 
1Sa 19:15
 
Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wč David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fč touye l'.  
 
1Sa 19:16
 
Lč mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidňl wogatwa a sou kabann lan ak zňrye plim kabrit la kote pou tčt la te ye a.  
 
1Sa 19:17
 
Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lčnmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'!  
 
1Sa 19:18
 
ś David menm kouri chape kň l', l' al jwenn Samyčl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fč l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyčl y' ale rete lavil Najňt.  
 
1Sa 19:19
 
Y' al di Sayil men David te lavil Najňt nan zňn Rama a.  
 
1Sa 19:20
 
Sayil voye kčk moun al arete l'. Lč yo rive, yo wč yon gwoup pwofčt ki te gen lespri Bondye a nan tčt yo, avčk Samyčl kanpe devan yo tankou chčf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tčt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fč menm bagay ak pwofčt yo.  
 
1Sa 19:21
 
Yo vin di Sayil sa. Lč sa a, li voye lňt moun ankň. Yo menm tou, yo pran fč menm bagay ak pwofčt yo tou. Yon twazyčm fwa, Sayil voye lňt moun ankň. Yo menm tou, yo pran fč menm bagay ak pwofčt yo.  
 
1Sa 19:22
 
Lč sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lč li rive bň gwo sitčn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyčl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najňt nan zňn Rama a.  
 
1Sa 19:23
 
Li pati dčyč yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tčt li tou. Li t'ap fč menm bagay ak pwofčt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najňt nan zňn Rama a.  
 
1Sa 19:24
 
Li wete tout rad sou li, li fč tankou pwofčt yo devan Samyčl. Apre sa, li tonbe atč a toutouni. Li rete tout rčs jounen an ak tout lannwit lan atč a konsa. Se depi lč sa a, yo di: Menm Sayil gen lč pwofčt tou?  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 181 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 202 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards