| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 18:1 | ś Lč David fin pale ak Sayil, kč Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tčt pa li.
| |
| | 1Sa 18:2 | Depi jou sa a, Sayil fč David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankň.
| |
| | 1Sa 18:3 | Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tčt pa li.
| |
| | 1Sa 18:4 | Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.
| |
| | 1Sa 18:5 | Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fč l' chčf nan lame a. Sa te fč tout moun Sayil yo ansanm ak tout pčp la plezi.
| |
| | 1Sa 18:6 | ś Sňlda yo t'ap tounen lakay yo. Lč sa a, David te fin touye sňlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayčl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ňgn, yo t'ap chante pou fč kč moun kontan.
| |
| | 1Sa 18:7 | Medam yo t'ap fč fčt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
| |
| | 1Sa 18:8 | Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sčl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fč l' wa!
| |
| | 1Sa 18:9 | Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je.
| |
| | 1Sa 18:10 | Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fč l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.
| |
| | 1Sa 18:11 | Sayil di nan kč l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.
| |
| | 1Sa 18:12 | ś Sayil te pč David anpil, paske Seyč a te vire do bay Sayil, se avčk David li te ye koulye a.
| |
| | 1Sa 18:13 | Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chčf sou mil sňlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen.
| |
| | 1Sa 18:14 | Men, kote li pase li toujou kraze lčnmi yo, paske Seyč a te kanpe avčk li.
| |
| | 1Sa 18:15 | Sayil wč ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pč l' pi rčd.
| |
| | 1Sa 18:16 | Men, tout moun nan peyi Izrayčl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chčf lame a.
| |
| | 1Sa 18:17 | Yon lč Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sčl bagay se pou fč m' wč se yon vanyan gason ki pa pč batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyč a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kč l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fč l' mwen menm.
| |
| | 1Sa 18:18 | David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fč pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayčl la pou m' marye ak pitit fi wa a?
| |
| | 1Sa 18:19 | Men, lč lč a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyčl, moun lavil Meola.
| |
| | 1Sa 18:20 | Men, Mikal, yon lňt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lč y' al di Sayil sa, bagay la te fč l' plezi.
| |
| | 1Sa 18:21 | Sayil t'ap di nan kč l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pčlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyčm fwa, li di l': -Monchč, ou pral vin bofi mwen.
| |
| | 1Sa 18:22 | Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lňd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lč koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a.
| |
| | 1Sa 18:23 | Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bčl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twňp pou yon moun ki pňv, ki pa anyen tankou m'.
| |
| | 1Sa 18:24 | Moun Sayil yo al rapňte wa a sa David te di a.
| |
| | 1Sa 18:25 | Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sčlman sa li ta renmen, se san po ti kňk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lčnmi li yo. Sayil te fč plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.
| |
| | 1Sa 18:26 | Moun Sayil yo al rapňte pawňl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lč a rive pou yo fč maryaj la,
| |
| | 1Sa 18:27 | David leve, li pati ak sňlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kňk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmčt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.
| |
| | 1Sa 18:28 | Lč Sayil vin konprann non sčlman Seyč a te avčk David, men Mikal, pwňp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,
| |
| | 1Sa 18:29 | Sayil te vin pč David plis toujou. Depi jou sa a li te lčnmi David jouk jou li mouri.
| |
| | 1Sa 18:30 | Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chčf k'ap sčvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tčt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.
| |