| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 17:1 | ś Moun Filisti yo sanble tout sňlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyč San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.
| |
| | 1Sa 17:2 | Sayil vini ansanm ak moun Izrayčl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kň yo anfas moun Filisti yo pou y' al goumen ak yo.
| |
| | 1Sa 17:3 | Moun Filisti yo te sou yon ti mňn yon bň, moun pčp Izrayčl yo te sou yon lňt ti mňn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo.
| |
| | 1Sa 17:4 | Yon bowňm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parčt devan sňlda pčp Izrayčl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fč fas kare ak li. Li te gen nčf pye wotč.
| |
| | 1Sa 17:5 | Li te gen yon kas fč nan tčt li ak yon rad fčt an plak fč sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti.
| |
| | 1Sa 17:6 | Li te gen janbyč fčt an fč nan janm li, ak yon ti frenn fčt an asye pandye sou zepňl li.
| |
| | 1Sa 17:7 | Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosč ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fčt an fč. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sňlda ki t'ap mache devan l' avčk plak pwotčj li a.
| |
| | 1Sa 17:8 | Golyat kanpe, epi li rele moun pčp Izrayčl yo, li di yo konsa: -Se goumen nou vin goumen? Poukisa atň? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l' vin kare avč m'.
| |
| | 1Sa 17:9 | Si l' rive bat mwen pou l' touye m', moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayčl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m' touye l', se nou menm moun Izrayčl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sčvi yo.
| |
| | 1Sa 17:10 | Li di yo ankň: -Jňdi a mwen mete tout moun Izrayčl yo an defi. M' pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avč m'.
| |
| | 1Sa 17:11 | Lč Sayil ak tout sňlda moun Izrayčl yo tande sa sňlda Filisti a te di yo, yo vin pč anpil. Yo pran tranble.
| |
| | 1Sa 17:12 | ś David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyčm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rčy wa Sayil, li te deja fin granmoun.
| |
| | 1Sa 17:13 | Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagč ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyčm lan te rele Abinadab, twazyčm lan te rele Chama.
| |
| | 1Sa 17:14 | David te dčnye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.
| |
| | 1Sa 17:15 | Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyčm pou l' al okipe mouton papa l' yo.
| |
| | 1Sa 17:16 | Chak maten, chak aswč, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sňlda pčp Izrayčl yo pou mande yo batay.
| |
| | 1Sa 17:17 | Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frč ou yo nan kan an.
| |
| | 1Sa 17:18 | Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kňmandan an. W'a pran nouvčl frč ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fč yo ba ou yon bagay pou m' sčten ou wč yo an sante.
| |
| | 1Sa 17:19 | Wa Sayil, frč ou yo ansanm ak tout lňt mesye Izrayčl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo.
| |
| | 1Sa 17:20 | Nan denmen maten, David leve byen bonč, li kite yon gadň pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lč li rive nan kan an, moun pčp Izrayčl yo te fčk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sňlda yo.
| |
| | 1Sa 17:21 | Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayčl yo vin kanpe yonn anfas lňt pou batay la.
| |
| | 1Sa 17:22 | David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frč li yo. Li mande yo nouvčl yo.
| |
| | 1Sa 17:23 | Li t'ap pale ak yo konsa, lč Golyat, gwo sňlda Filisti a, moun lavil Gat la, soti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sňlda pčp Izrayčl yo pou mande yo batay jan l' te konn fč l' anvan an. David tande sa Golyat t'ap di.
| |
| | 1Sa 17:24 | Lč moun pčp Izrayčl yo wč Golyat parčt yo pran kouri tčlman yo te pč.
| |
| | 1Sa 17:25 | Yonn t'ap di lňt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fč moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lčfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayčl.
| |
| | 1Sa 17:26 | David mande moun ki te kanpe bň kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sňlda Filisti a, moun ki va wete pčp Izrayčl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sňlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sčvi Seyč a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avč l' la?
| |
| | 1Sa 17:27 | Mesye yo di l' tou sa y'a fč pou moun ki va touye Golyat la.
| |
| | 1Sa 17:28 | Eliyab, pi gran nan frč David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fč la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezč a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade.
| |
| | 1Sa 17:29 | David reponn li: -Kisa m' fč, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi!
| |
| | 1Sa 17:30 | Li vire bň yon lňt moun, li mande l' menm keksyon an. Chak fwa, moun yo fč l' menm repons la.
| |
| | 1Sa 17:31 | ś Kčk moun ki te tande sa David t'ap di al rapňte sa bay Sayil ki voye chache l'.
| |
| | 1Sa 17:32 | David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sňlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avč l'.
| |
| | 1Sa 17:33 | Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sňlda Filisti sa a. Ou twň piti. Nčg sa a se yon sňlda k'ap goumen depi l' jenn gason.
| |
| | 1Sa 17:34 | David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpňt lč yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo,
| |
| | 1Sa 17:35 | mwen kouri dčyč l', m' atake l', mwen wete mouton an anba grif li. Si lč sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l' vire sou mwen, mwen pran l' nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l'.
| |
| | 1Sa 17:36 | Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sňlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sčvi Seyč a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avč l'.
| |
| | 1Sa 17:37 | David di ankň: -Seyč a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sňlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyč a pou l' avčk ou!
| |
| | 1Sa 17:38 | Sayil pran pwňp rad lagč pa l' yo, li mete sou David. Li mete yon kas fč nan tčt David ak yon rad fčt an plak fč pou pwoteje kň li.
| |
| | 1Sa 17:39 | David pase nepe Sayil la nan ren l', anwo rad lagč a. Men, li fč sa pou l' mache, li pa t' kapab, paske li pa t' konn sčvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: -Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sčvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li.
| |
| | 1Sa 17:40 | ś Lčfini, li pran baton l' nan men l', li ranmase senk ti wňch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfň li sčvi lč l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l', li mache sou Golyat.
| |
| | 1Sa 17:41 | Sňlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotčj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David.
| |
| | 1Sa 17:42 | Lč sňlda Filisti a gade, li wč David pi pre, li tchwipe, epi li vire tčt li sou kote, paske li te wč se yon timoun ak cheve koulč kannčl, ak yon bčl ti figi ki te devan l'.
| |
| | 1Sa 17:43 | Sňlda Filisti a di David konsa: -Gen lč se yon chen mwen ye pou se avčk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
| |
| | 1Sa 17:44 | Apre sa, li di ankň: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wč si mwen p'ap pran kň ou pou m' bay zwazo nan syčl ak bčt nan bwa manje.
| |
| | 1Sa 17:45 | David di sňlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avčk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pčp Izrayčl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avč ou.
| |
| | 1Sa 17:46 | Jňdi a menm, Seyč a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atč, m'ap koupe tčt ou. Lčfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sňlda Filisti yo pou zwazo nan syčl ak bčt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pčp Izrayčl la gen yon Bondye.
| |
| | 1Sa 17:47 | Wi, tout moun ki sanble isit la a va wč Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pčp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pčp Izrayčl la.
| |
| | 1Sa 17:48 | ś Golyat pran mache ankň sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo.
| |
| | 1Sa 17:49 | Li foure men l' nan ti ralfň li a, li pran yon wňch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sňlda Filisti a nan mitan fwon. Wňch la antre nan kalbas tčt sňlda Filisti a. Sňlda Filisti a tonbe fas atč.
| |
| | 1Sa 17:50 | Se konsa David te bat sňlda Filisti a avčk yon fistibal ak yon wňch. Li vide sňlda Filisti a atč, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'.
| |
| | 1Sa 17:51 | David kouri al bň kote sňlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sňlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lčfini li koupe tčt li. Lč moun Filisti yo wč bowňm yo a te mouri, yo kouri met deyň.
| |
| | 1Sa 17:52 | Sňlda pčp Izrayčl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rčl lagč yo a, yo pran kouri dčyč moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pňtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon.
| |
| | 1Sa 17:53 | Se lč sa a moun pčp Izrayčl yo sispann kouri dčyč moun Filisti yo, yo kase tčt tounen. Yo fč yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo.
| |
| | 1Sa 17:54 | David pran tčt Golyat, li pote l' lavil Jerizalčm, men li kenbe zam sňlda Filisti a lakay li.
| |
| | 1Sa 17:55 | Lč Sayil wč David t'ap mache al kontre ak sňlda Filisti a, li mande Abnč, kňmandan lame li a: -Abnč, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnč reponn li: -Monwa, mwen fč sčman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'.
| |
| | 1Sa 17:56 | Wa a di li: -Al chache konnen pitit ki moun li ye.
| |
| | 1Sa 17:57 | Apre David fin touye sňlda Filisti a, li tounen nan kan moun pčp Izrayčl yo. Abnč pran l', li mennen l' devan Sayil. David te kenbe tčt sňlda Filisti a nan men l' toujou.
| |
| | 1Sa 17:58 | Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyčm.
| |