| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 15:1 | ś Samyčl di Sayil: -Se mwen menm Seyč a te voye pou vide lwil sou tčt ou pou ou te ka wa sou pčp Izrayčl la. Koulye a, koute pawňl Seyč a.
| |
| | 1Sa 15:2 | Men sa Seyč ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalčk yo paske yo te kenbe tčt ak pčp Izrayčl la lč yo t'ap moute soti peyi Lejip.
| |
| | 1Sa 15:3 | Koulye a, leve al atake moun Amalčk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyč a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bčf, mouton, chamo ak bourik.
| |
| | 1Sa 15:4 | Sayil rele tout sňlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil (200.000) sňlda apye ki te moun Izrayčl ak dimil (10.000) sňlda ki te moun Jida.
| |
| | 1Sa 15:5 | Lčfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalčk yo. L' al kache kň li nan yon ravin chčch.
| |
| | 1Sa 15:6 | Apre sa, li voye avčti moun Kayen yo: -Wete kň nou! Kite moun Amalčk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pčp Izrayčl la lč yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kň yo nan mitan moun Amalčk yo.
| |
| | 1Sa 15:7 | Sayil bat moun Amalčk yo depi lavil Avila rive Chou sou bň solčy leve peyi Lejip.
| |
| | 1Sa 15:8 | Li pran Agag, wa moun Amalčk yo, tou vivan, men li touye tout rčs moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.
| |
| | 1Sa 15:9 | Men Sayil ak sňlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bčl mouton yo ni pi bčl bčf yo, ni yo pa t' touye ankenn bčt ki te bon. Men, yo touye tout bčt ki te lčd, tout bčt ki te mčg tankou yon ofrann pou Bondye.
| |
| | 1Sa 15:10 | ś Seyč a pale ak Samyčl, li di l' konsa:
| |
| | 1Sa 15:11 | -Mwen rčgrčt mwen te fč Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fč sa mwen ba li lňd fč. Samyčl pa t' kontan, li fč tout nwit lan ap lapriyč nan pye Seyč a.
| |
| | 1Sa 15:12 | Nan denmen maten, bonč bonč, li soti al chache Sayil. Yo vin di Samyčl Sayil t' ale lavil Kamčl, kote li fč bati yon moniman pou tčt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal.
| |
| | 1Sa 15:13 | Samyčl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyč a beni ou! Mwen fč tou sa li te ban m' lňd fč.
| |
| | 1Sa 15:14 | Samyčl mande l': -Ki tout bri mouton ak bčf m'ap tande nan zňrčy mwen konsa?
| |
| | 1Sa 15:15 | Sayil reponn li: -Anhan! Se bčt sňlda mwen yo pran kay moun Amalčk yo. Yo pran pi bčl mouton yo ak pi bčl bčf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyč a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rčs yo nčt tankou yon ofrann pou Bondye.
| |
| | 1Sa 15:16 | Samyčl di l' konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m' di ou sa Seyč a te vin di m' lannwit lan. Sayil di li: -Pale non!
| |
| | 1Sa 15:17 | Samyčl di li: -Atout yon lč ou te rekončt ou pa t' anyen, jňdi a se pa ou menm ki chčf tout branch fanmi pčp Izrayčl la? Se pa Seyč a menm ki te chwazi ou pou wa pčp Izrayčl la?
| |
| | 1Sa 15:18 | Li voye ou ale avčk lňd espre pou ou te touye tout moun Amalčk yo, bann moun sa yo k'ap fč sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout.
| |
| | 1Sa 15:19 | Poukisa ou pa koute sa Seyč a te di ou? Poukisa ou lage kň ou sou sa ou te pran nan men lčnmi ou yo, epi ou fč sa ki pa fč Seyč a plezi.
| |
| | 1Sa 15:20 | Sayil reponn Samyčl li di li: -Mwen fč tou sa Seyč a te di m' fč! Mwen mache dapre lňd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalčk yo, mwen tounen avč l'. Mwen touye tout rčs moun Amalčk yo tankou yon ofrann pou Bondye.
| |
| | 1Sa 15:21 | Men sňlda mwen yo pa t' touye bčl mouton ak pi bčl bčf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lčnmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotčl la bay Seyč a, Bondye ou la.
| |
| | 1Sa 15:22 | Lč sa a, Samyčl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyč a pito: yon moun k'ap ofri bčt pou boule nan dife, k'ap fč tout kalite ofrann bčt pou li, osinon yon moun k'ap fč sa li di l' fč a? Konn sa tande! Pito yon moun fč sa Seyč a di l' fč a pase pou l' touye bčt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumčt devan Bondye pase pou l' ofri bčl belye chatre pou Seyč a.
| |
| | 1Sa 15:23 | Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fč a se menm bagay ak fč maji. Fč tčt di ak Bondye se menm bagay ak sčvi zidňl. Enben, ou voye pawňl Bondye a jete, Seyč a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wč avč ou ankň!
| |
| | 1Sa 15:24 | ś Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fč sa Seyč a te ban m' lňd fč. Mwen pa t' koute pawňl ou te di m' lan. Se pč mwen te pč mesye m' yo kifč m' fč sa yo te vle fč a.
| |
| | 1Sa 15:25 | Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avč m' pou m' ka sčvi Seyč a.
| |
| | 1Sa 15:26 | Samyčl di li: -Non, mwen p'ap tounen avč ou. Paske ou voye pawňl Bondye a jete, Seyč a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.
| |
| | 1Sa 15:27 | Samyčl fč sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.
| |
| | 1Sa 15:28 | Samyčl di li: -Seyč a rache gouvčnman peyi Izrayčl la nan men ou jňdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmčt li bay yon lňt moun ki pi bon pase ou.
| |
| | 1Sa 15:29 | Bondye ki wa pčp Izrayčl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawňl.
| |
| | 1Sa 15:30 | Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fč m' wont devan tout chčf pčp mwen an, devan tout pčp Izrayčl la. Tounen avč m' pou m' ka fč sčvis pou Seyč a, Bondye ou la.
| |
| | 1Sa 15:31 | Se konsa Samyčl tounen avčk Sayil, epi Sayil fč sčvis pou Seyč a.
| |
| | 1Sa 15:32 | ś Apre sa, Samyčl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalčk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tčlman li te pč. Li t'ap di nan kč l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmň!
| |
| | 1Sa 15:33 | Samyčl di li: -Avčk nepe ou, ou te fč anpil manman pčdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latč, manman ou pral pčdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotčl Seyč a lavil Gilgal.
| |
| | 1Sa 15:34 | Lčfini, Samyčl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya.
| |
| | 1Sa 15:35 | Depi lč sa a, Samyčl pa janm wč wa Sayil ankň jouk li mouri. Men, sa te fč l' lapenn anpil pou Sayil. Seyč a menm te rčgrčt deske li te fč Sayil wa pčp Izrayčl la.
| |