| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 13:1 | ś Sayil te majč lč yo te fč l' wa. Li pase kčk tan ap gouvčnen pčp Izrayčl la.
| |
| | 1Sa 13:2 | Sayil chwazi twamil (3000) gason nan pčp Izrayčl la, epi li voye tout rčs yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fč yo rete avč l' lavil Mikmas ak nan mňn Betčl la. Lňt mil yo te avčk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
| |
| | 1Sa 13:3 | Jonatan touye chčf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kňnen twonpčt nan tout peyi a pou avčti pčp ebre a.
| |
| | 1Sa 13:4 | Nouvčl la gaye nan tout pčp Izrayčl la: Sayil te touye chčf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wč pčp Izrayčl la. Se konsa tout pčp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avč l'.
| |
| | 1Sa 13:5 | Moun Filisti yo menm, bň pa yo tou, sanble pou y' al atake pčp Izrayčl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagč, simil (6000) kavalye. Pou sňlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bň lanmč. Yo moute al pran pozisyon bň lavil Mikmas, sou bň solčy leve lavil Bčtavenn.
| |
| | 1Sa 13:6 | Moun pčp Izrayčl yo wč zafč a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pčp Izrayčl yo ak fňs. Pčp Izrayčl la vin pčdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwňt, nan twou wňch, dčyč gwo wňch, nan pi, nan twou anba tč.
| |
| | 1Sa 13:7 | Genyen ki menm janbe lňt bň larivyč Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avč l' yo t'ap tranble sitčlman yo te pč.
| |
| | 1Sa 13:8 | ś Dapre dat Samyčl te fikse ba li a, li rete la sčt jou ap tann Samyčl. Sčt jou yo pase, Samyčl pa vin lavil Gilgal. Pčp la konmanse vire do yo kite Sayil.
| |
| | 1Sa 13:9 | Lč Sayil wč sa, li di yo: -Mennen bčt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lňt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fč ofrann pou boule nan dife a.
| |
| | 1Sa 13:10 | Li t'ap fini fč sčvis ofrann pou boule nan dife a lč Samyčl parčt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou.
| |
| | 1Sa 13:11 | Samyčl di li: -Kisa ou fč konsa? Sayil reponn li: -Mwen wč pčp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lč ou te di ou t'ap vini an. Lčfini, moun Filisti yo t'ap sanble bň lavil Mikmas la.
| |
| | 1Sa 13:12 | Mwen di nan kč m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fč anyen pou mete Seyč a bň kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fč ofrann bčt pou boule nan dife pou Seyč a.
| |
| | 1Sa 13:13 | Samyčl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fč la a! Ou pa swiv lňd Seyč a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lňd li, li ta kite ou gouvčnen pčp Izrayčl la, lčfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
| |
| | 1Sa 13:14 | Men koulye a, rčy ou pa la pou lontan. Seyč a pral chache yon lňt moun ki va fč tou sa l'a vle l' fč, l'a mete l' chčf sou pčp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lňd Seyč a te ba ou a.
| |
| | 1Sa 13:15 | ś Epi Samyčl leve, li kite lavil Gilgal l' al fč wout li. Tout rčs pčp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sňlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fč enspeksyon lame ki te avč l' la. Te gen sisan (600) sňlda konsa.
| |
| | 1Sa 13:16 | Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avč l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.
| |
| | 1Sa 13:17 | Sňlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fč twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la.
| |
| | 1Sa 13:18 | Yon lňt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bčtowon, ak yon lňt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyč a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezč a.
| |
| | 1Sa 13:19 | Lč sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayčl la yo pa t' ka jwenn fňjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fč ni nepe ni lans fč.
| |
| | 1Sa 13:20 | Se konsa, moun pčp Izrayčl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fč dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo.
| |
| | 1Sa 13:21 | Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyčs ajan pou file chak dan rach epi pou fč pwent frenn yo, de ti pyčs ajan pou fč dan chari yo ak pwent wou yo.
| |
| | 1Sa 13:22 | Se sa ki fč, lč jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avčk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fč. Sčl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak.
| |
| | 1Sa 13:23 | Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.
| |