| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 12:1 | ś Samyčl di moun pčp Izrayčl yo: -Nou wč mwen fč tou sa nou te mande m' fč. Mwen ban nou yon wa pou gouvčnen nou.
| |
| | 1Sa 12:2 | Koulye a nou gen yon wa alatčt nou. Mwen menm, poutčt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avčk nou. Depi mwen jenn gason rive jňdi a m'ap mache alatčt nou.
| |
| | 1Sa 12:3 | Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyč a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fč nou. Eske mwen janm pran bčf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fč bagay konsa, m'ap renmčt sa m' te pran an.
| |
| | 1Sa 12:4 | Pčp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn.
| |
| | 1Sa 12:5 | Samyčl di yo: -Jňdi a, Seyč a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pčp la reponn: -Seyč a temwen!
| |
| | 1Sa 12:6 | ś Samyčl di yo: -Seyč a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fč zansčt nou yo soti kite peyi Lejip la.
| |
| | 1Sa 12:7 | Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotčl Seyč a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fč nou chonje tout bčl bagay Seyč a te fč pou nou ak pou zansčt nou yo.
| |
| | 1Sa 12:8 | Jakňb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lč moun peyi Lejip yo pran maltrete zansčt nou yo, zansčt nou yo rele mande Seyč a sekou. Lč sa a, Seyč a voye Moyiz ak Arawon ki fč yo soti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la.
| |
| | 1Sa 12:9 | Men yo bliye Seyč a, Bondye yo a. Lč sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chčf lame lavil Azň a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fč lagč ak yo.
| |
| | 1Sa 12:10 | Yo rele mande Seyč a sekou, yo di konsa: Nou te fč sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyč a, n' al sčvi yon bann zidňl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lčnmi nou yo, n'a sčvi ou.
| |
| | 1Sa 12:11 | Lč sa a, Seyč a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyčl, li delivre nou anba men lčnmi nou yo ki te tout bň kote nou yo, li fč nou viv ak kč poze.
| |
| | 1Sa 12:12 | Epi lč nou wč Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyč a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankň. Se yon wa nou vle pou gouvčnen nou.
| |
| | 1Sa 12:13 | Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyč a ban nou li.
| |
| | 1Sa 12:14 | Tansčlman, Seyč a, Bondye nou an, va kanpe avčk nou si nou gen krentif pou li, si nou sčvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fč tou sa li mande nou fč, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvčnen nou an nou fč volonte li nan tou sa n'ap fč.
| |
| | 1Sa 12:15 | Men, si nou pa koute sa Seyč a di nou, si nou pa fč tou sa li mande nou fč, l'ap leve dčyč nou ansanm ak tout wa nou an.
| |
| | 1Sa 12:16 | ś Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wč bčl bagay Seyč a pral fč devan je nou.
| |
| | 1Sa 12:17 | Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrčs, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyč Seyč a, li pral voye loraj ak lapli. Lč sa a, n'a konnen, n'a wč ki kalite gwo peche nou te fč devan Seyč a, lč nou te mande yon wa pou gouvčnen nou.
| |
| | 1Sa 12:18 | Samyčl lapriyč Seyč a. Jou sa a, Seyč a voye loraj ak lapli. Tout pčp la pran tranble, yo te vin pč Seyč a ansanm ak Samyčl.
| |
| | 1Sa 12:19 | Yo tout di Samyčl konsa: -Tanpri, mčt, lapriyč Seyč a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fč deja yo, lč nou te mande yon wa pou gouvčnen nou.
| |
| | 1Sa 12:20 | Samyčl di pčp la konsa: -Nou pa bezwen pč! Malgre nou fč bagay mal sa a, pa vire do bay Seyč a. Sčvi l' ak tout kč nou.
| |
| | 1Sa 12:21 | Pa vire do ba li pou n' al sčvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.
| |
| | 1Sa 12:22 | Bondye ap kenbe pawňl li. Li te pwomčt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fč nou tounen yon pčp ki rele l' pa l'.
| |
| | 1Sa 12:23 | Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyč pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fč devan Seyč a si m' ta fč sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyč a.
| |
| | 1Sa 12:24 | Gen krentif pou Seyč a. Sčvi l' tout bon ak tout kč nou. Chonje tout bčl bagay sa yo li fč pou nou!
| |
| | 1Sa 12:25 | Mentou, si nou fč sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.
| |