| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Sa 11:1 | ś Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabčs nan peyi Galarad. Li sčnen lavil la. Mesye lavil Jabčs yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chčf.
| |
| | 1Sa 11:2 | Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avčk nou, men sou yon sčl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fč tout pčp Izrayčl la wont.
| |
| | 1Sa 11:3 | Chčf lavil Jabčs la di li: -Ban nou sčt jou pou nou voye mesaje bay tout pčp la nan tout peyi Izrayčl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lč sa a n'a rann tčt nou ba ou.
| |
| | 1Sa 11:4 | Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lč yo bay pčp la mesaj la, tout moun pete rele byen fň.
| |
| | 1Sa 11:5 | ś Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bčf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabčs yo te vin di yo.
| |
| | 1Sa 11:6 | Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fč gwo kňlč.
| |
| | 1Sa 11:7 | Li pran de bčf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bčf yo nan tout peyi Izrayčl la avčk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dčyč Sayil ak Samyčl nan batay la, n'ap koupe bčf yo an moso tankou bčf sa a. Seyč a voye yon sčl lapč sou pčp la. Yo tout leve avčk menm lide nan tčt yo, yo vin jwenn Sayil.
| |
| | 1Sa 11:8 | Sayil sanble yo bň lavil Bezčk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (300.000) sňlda ki te moun pčp Izrayčl ak trantmil (30.000) ki te moun fanmi Jida.
| |
| | 1Sa 11:9 | Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabčs yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabčs yo nan peyi Galarad: Denmen, vč midi, n'a vin delivre nou. Lč moun lavil Jabčs yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil.
| |
| | 1Sa 11:10 | Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tčt nou ba ou. Lč sa a, w'a fč sa ou vle avčk nou.
| |
| | 1Sa 11:11 | Nan denmen maten Sayil pran sňlda yo, li fč twa gwoup. Epi anvan solčy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kň yo grenn pa grenn.
| |
| | 1Sa 11:12 | ś Lč sa a, pčp Izrayčl la di Samyčl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.
| |
| | 1Sa 11:13 | Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jňdi a. Paske jňdi a se jou Seyč a delivre pčp Izrayčl la.
| |
| | 1Sa 11:14 | Epi Samyčl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lč n'a rive la, n'a fč seremoni pou renmčt li pouvwa a.
| |
| | 1Sa 11:15 | Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fč Sayil wa devan lotčl Seyč a. Yo touye bčt yo te ofri pou di Bondye mčsi. Sayil fč gwo fčt ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo lavil Gilgal.
| |