All NT OTBook
Compare Texts
Ruth 1 1 Samuel 9

1 Samuel 10:1-27

1 Samuel 11 2 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Sa 10:1
 
ś Samyčl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tčt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyč a ba ou pouvwa pou gouvčnen pčp Izrayčl la ki rele l' pa l'. W'a gouvčnen pčp li a, w'a delivre yo anba men tout lčnmi ki bň kote l' yo. Men sa k'ap fč ou wč se Seyč a menm ki mete ou apa pou gouvčnen pčp ki pou li a.  
 
1Sa 10:2
 
Lč w'a kite m' jňdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachčl la lavil Sčlza, nan lizyč peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, koulye a papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tčt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fč pou pitit gason m' lan?  
 
1Sa 10:3
 
Lčfini, w'a mache pi devan jouk w'a rive bň pye bwadchenn Tabň a. Lč w'a rive la, w'a kontre ak twa nčg k'ap moute lavil Betčl pou y' al ofri bčt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyčm lan va gen twa pen nan men l', twazyčm lan va gen yon veso fčt an po bčt plen diven.  
 
1Sa 10:4
 
Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo.  
 
1Sa 10:5
 
Apre sa, w'a moute sou ti mňn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lč w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofčt k'ap desann soti bň lotčl ki sou ti mňn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.  
 
1Sa 10:6
 
Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesaj ki soti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankň.  
 
1Sa 10:7
 
Lč bagay sa yo va rive, w'a fč tou sa ki vin pou fčt paske se Bondye k'ap avč ou.  
 
1Sa 10:8
 
Apre sa, w'a pran devan m', w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m' ofri bčt pou boule nčt pou Seyč a ansanm ak ofrann pou di Bondye mčsi. Lčfini, w'a tann sčt jou anvan m'a vin jwenn ou ankň pou m' di ou sa pou ou fč.  
 
1Sa 10:9
 
ś Vire Sayil vire pou l' kite Samyčl, Bondye fč Sayil tounen yon lňt moun nčt. Jou sa a tout pawňl Samyčl te di l' yo rive vre.  
 
1Sa 10:10
 
Lč Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofčt vin kontre avč l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo.  
 
1Sa 10:11
 
Tout moun ki te konnen l' anvan sa wč li t'ap danse, li t'ap bay mesaj ansanm ak pwofčt yo. Yonn t'ap di lňt: -Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil gen lč pwofčt tou?  
 
1Sa 10:12
 
Yon moun lavil Gibeya ki te la mande: -Lňt mesye pwofčt yo, ki moun ki papa yo? Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lč menm Sayil pwofčt tou?  
 
1Sa 10:13
 
Lč Sayil fin danse, lč li te fin bay mesaj, li moute sou ti mňn lan bň lotčl la.  
 
1Sa 10:14
 
Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lč nou pa jwenn yo, n' al kote Samyčl.  
 
1Sa 10:15
 
Tonton Sayil la mande l': -Rakonte m' sa li di ou.  
 
1Sa 10:16
 
Sayil reponn li: -Li di m' yo jwenn bourik yo deja. Men, li pa di tonton l' sa Samyčl te di l' sou koze wa a.  
 
1Sa 10:17
 
ś Samyčl reyini pčp Izrayčl la pou fč yon gwo sčvis pou Bondye lavil Mispa.  
 
1Sa 10:18
 
Li di yo: -Men sa Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la di: Se mwen menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lňt nasyon ki t'ap peze nou yo.  
 
1Sa 10:19
 
Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kč sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvčnen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyč a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fč yo parčt devan li.  
 
1Sa 10:20
 
Lč sa a, Samyčl fč tout pčp Izrayčl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Seyč a chwazi branch fanmi Benjamen an.  
 
1Sa 10:21
 
Apre sa, Samyčl fč tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lňt. Seyč a chwazi fanmi Matri a. Lč sa a, li fč tout gason nan fanmi Matri a parčt devan Seyč a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l', men yo pa t' ka jwenn li.  
 
1Sa 10:22
 
Y' al mande Seyč a si pa gen lňt moun ankň. Seyč a reponn: -Men Sayil kache dčyč pwovizyon yo!  
 
1Sa 10:23
 
Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fč l' kanpe nan mitan pčp la. Li te pi wo pase yo tout.  
 
1Sa 10:24
 
Samyčl di pčp la: -Men moun Seyč a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pčp la. Tout pčp la pran rele: -Viv wa Sayil!  
 
1Sa 10:25
 
Apre sa, Samyčl esplike pčp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lčfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotčl Seyč a. Apre sa, Samyčl voye tout moun lakay yo.  
 
1Sa 10:26
 
Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kč kčk vanyan gason. Yo menm tou, y' ale ansanm ak Sayil.  
 
1Sa 10:27
 
Men te gen kčk vňryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fč l' kado anyen. Sayil menm fč tankou li pa konprann.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ruth 11 Samuel 91 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 1 Samuel 112 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards