All NT OTBook
Compare Texts
Judges 1 Ruth 3

Ruth 4:1-22

1 Samuel 1 1 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rth 4:1
 
ś Bňz ale nan pňtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lč sa a, yon moun vin ap pase. Se te nčg ki te fanmi Elimelčk pi pre pase l' la, nonm Bňz t'ap pale Rit la. Bňz rele l', li di l': -Entčl, vini m' pale ou, monchč! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.  
 
Rth 4:2
 
Bňz fč rele dis nan chčf fanmi lavil la, li fč yo chita la tou. Lč yo fin chita,  
 
Rth 4:3
 
li di nonm ki te fanmi pre Elimelčk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelčk, fanmi nou an.  
 
Rth 4:4
 
Mwen kwč se devwa m' pou m' fč ou konnen sa. Si ou vle achte tč a, ou mčt di l' devan dis mesye chčf yo ki chita la a, paske se ou menm an premye lalwa rekončt dwa sa a. Konsa tou, si ou pa vle, ou mčt di l', paske apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di l': -M'ap achte l'.  
 
Rth 4:5
 
Lč sa a Bňz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, včv pitit Elimelčk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pčdi, epi pou tč a ka rete nan fanmi defen an tou.  
 
Rth 4:6
 
Lč sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tč a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pčdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mčt achte l' ou menm. Mwen p'ap fč zafč a ankň.  
 
Rth 4:7
 
Nan tan sa a, nan peyi Izrayčl, lč yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tč bay yon lňt moun, men sa yo te konn fč: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lňt moun lan li. Se konsa moun Izrayčl yo te konn fč tout moun konnen zafč a te regle nčt.  
 
Rth 4:8
 
Se poutčt sa, lč nonm lan di Bňz ou mčt achte tč a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bňz.  
 
Rth 4:9
 
ś Lč sa a, Bňz di chčf fanmi yo ak lňt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jňdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelčk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.  
 
Rth 4:10
 
An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, včv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tč a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pčdi non plis nan lavil la. N'a sčvi m' temwen pou sa ki rive jňdi a.  
 
Rth 4:11
 
Chčf yo ak lňt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyč Seyč a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachčl ak Leya ki te fč anpil pitit pou Jakňb, zansčt pčp Izrayčl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyčm.  
 
Rth 4:12
 
Se pou pitit Seyč a va ba ou ak jenn fanm sa a fč onč fanmi an, menm jan Perčz, pitit gason Jida ak Tama a, te fč l' pou fanmi l'.  
 
Rth 4:13
 
ś Se konsa, Bňz pran Rit pou madanm li. Seyč a te beni Rit. Rit vin ansent, li fč yon pitit gason.  
 
Rth 4:14
 
Medam lavil yo di Naomi konsa: -Lwanj pou Seyč a! Jňdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyč pou ti gason sa a kite non l' nan peyi Izrayčl la.  
 
Rth 4:15
 
Bčlfi ou la gen tan renmen ou. Li fč pou ou sa sčt pitit gason pa ta ka fč. Koulye a, li ba ou yon pitit pitit ki pral fč ou anvi viv ankň, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyčs ou.  
 
Rth 4:16
 
Naomi pran ti bebe a, li kenbe l' lakay li, li pran swen li tankou pitit li.  
 
Rth 4:17
 
Medam yo ki rete nan vwazinaj la rele ti gason an Občd. Yo mache di tout moun: Naomi gen yon lňt pitit gason. Se Občd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.  
 
Rth 4:18
 
Men non zansčt David yo depi Perčz: Perčz te papa Ezwon,  
 
Rth 4:19
 
Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad,  
 
Rth 4:20
 
Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon,  
 
Rth 4:21
 
Salmon te papa Bňz. Bňz te papa Občd,  
 
Rth 4:22
 
Občd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Judges 1Ruth 31 2 3 4 1 Samuel 11 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards