All NT OTBook
Compare Texts
Judges 1 Judges 21

Ruth 1:1-22

Ruth 2 1 Samuel 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rth 1:1
 
ś Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayčl la. Lč sa a, se chčf ki t'ap gouvčnen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyčm, nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kčk tan nan peyi Moab.  
 
Rth 1:2
 
Nonm lan te rele Elimelčk, madanm li te rele Naomi. De pitit gason l' yo te rele Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat la yo te ye, moun lavil Betleyčm nan peyi Jida. Antan yo t'ap viv nan peyi Moab la,  
 
Rth 1:3
 
Elimelčk mouri, li kite Naomi pou kň l' ak de pitit gason li yo.  
 
Rth 1:4
 
De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Moab: yonn te rele Opa, lňt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a,  
 
Rth 1:5
 
lč Maklon ak Kiljon tonbe, yo mouri tou. Se konsa Naomi twouve vin pou kont li: li te pčdi ni mari l' ni pitit gason l' yo.  
 
Rth 1:6
 
ś Antan Naomi te peyi Moab toujou, li vin pran nouvčl jan Seyč a te voye benediksyon sou pčp li a, jan li te fč yo fč bon rekňt. Menm lč a, li pare zafč l' pou l' kite peyi Moab ansanm ak de bčlfi li yo.  
 
Rth 1:7
 
Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y' al nan peyi Jida.  
 
Rth 1:8
 
Men, antan yo sou wout, Naomi di bčlfi li yo konsa: -Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Seyč a pou l' aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avč m' ansanm ak defen yo.  
 
Rth 1:9
 
Mwen mande l' pou l' fč nou chak jwenn yon moun remarye ak nou pou nou ka viv ak kč poze lakay nou. Lč li fin di yo sa, li bo yo, li di yo li ale. Men, de medam yo pete rele.  
 
Rth 1:10
 
Yo di l' konsa: -Non! Nou prale avč ou nan peyi ou.  
 
Rth 1:11
 
Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avč m'? Nou kwč mwen ka fč pitit gason ankň pou marye ak nou?  
 
Rth 1:12
 
Tounen lakay nou! Mwen twň granmoun pou m' marye ankň. Epitou, menm si mwen ta mete nan tčt mwen mwen gen espwa marye ankň, menm si mwen ta rive marye aswč a epi m' ta fč pitit gason ankň,  
 
Rth 1:13
 
čske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lňt moun? Non, pitit fi m' yo. Nou konnen sa pa ka fčt. Sa fč m' mal anpil pou nou. Men Seyč a fč m' twňp lapenn deja.  
 
Rth 1:14
 
Medam yo pran rele pi rčd. Apre sa, Opa bo bčlmč li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'.  
 
Rth 1:15
 
Naomi di l' konsa: -Rit machč! Gade bčlsč ou la! Li tounen li al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sčvi yo. Fč menm jan an tou. Tounen ansanm avč l' non!  
 
Rth 1:16
 
Men, Rit reponn: -Pa fňse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avč ou. Kote ou prale, mwen prale avč ou. Kote ou rete, m'a rete avč ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sčvi a, se li m'a sčvi tou.  
 
Rth 1:17
 
Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyč a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmň ki pou separe nou.  
 
Rth 1:18
 
Lč Naomi wč Rit te soti vre pou ale avč l', li pa di l' anyen ankň.  
 
Rth 1:19
 
ś Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyčm. Lč yo rive, wč moun wč yo, lavil la te tčt anba. Medam yo menm t'ap di: -Ou kwč se Naomi sa?  
 
Rth 1:20
 
reponn yo: -Tanpri, pa rele m' Naomi. Pito nou rele m' Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fč m' soufri anpil.  
 
Rth 1:21
 
Lč m' te pati isit la, mwen te gen tou sa m' te bezwen. Men jňdi a, Seyč a mennen m' tounen de men m' de pye m'. Poukisa pou n'ap rele m' Naomi toujou lč Seyč a fin vire do ban mwen, lč se malč ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?  
 
Rth 1:22
 
Se konsa Naomi tounen soti nan peyi Moab ansanm ak bčlfi li, Rit, moun peyi Moab. Lč yo rive lavil Betleyčm, rekňt grenn lňj te fčk konmanse.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Judges 1Judges 211 2 3 4 Ruth 21 Samuel 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards