All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 8

Judges 9:1-57

Judges 10 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 9:1
 
ś Abimelčk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichčm kote frč menm manman avč l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:  
 
Jdg 9:2
 
-Tanpri, ale pale ak tout grannčg ki mčt lavil Sichčm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sčl ladan yo pou chčf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!  
 
Jdg 9:3
 
Se konsa tout fanmi manman Abimelčk yo mache pale ak tout grannčg ki mčt lavil Sichčm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelčk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye.  
 
Jdg 9:4
 
Yo ba li swasanndis pyčs ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avčk lajan sa a, li lwe sčvis kčk vňryen ak kčk vakabon pou mache avč l'.  
 
Jdg 9:5
 
L' ale lakay papa l' nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frč l' yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wňch la. Men, dčnye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t' mouri.  
 
Jdg 9:6
 
Lč sa a, tout chčf ki nan lavil Sichčm yo ansanm ak tout moun Bčt Milo yo mete tčt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichčm lan, yo fč Abimelčk wa.  
 
Jdg 9:7
 
ś Lč Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tčt mňn Garizim lan, li pran pale byen fň pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannčg ki mčt lavil Sichčm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.  
 
Jdg 9:8
 
Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatčt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvčnen nou non!  
 
Jdg 9:9
 
Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sčvi pou fč lwanj bondye yo ak lwanj lčzňm pou m' al chčf sou tout pyebwa!  
 
Jdg 9:10
 
Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvčnen nou non!  
 
Jdg 9:11
 
Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m' ale chčf sou tout pyebwa!  
 
Jdg 9:12
 
Lč sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvčnen nou non!  
 
Jdg 9:13
 
Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fč kč bondye yo ak kč lčzňm kontan pou m' al chčf sou tout pyebwa!  
 
Jdg 9:14
 
Lč sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvčnen nou non!  
 
Jdg 9:15
 
Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fč m' wa alatčt nou, enben, vini non. Vin mete kň nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fč sa, gen yon sčl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sčd peyi Liban yo!  
 
Jdg 9:16
 
Koulye a, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kč nou nou mete Abimelčk wa pou gouvčnen nou? Dapre nou, se yon bčl bagay nou fč la a pou Jewoubaal ak fanmi l' yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fč pou nou?  
 
Jdg 9:17
 
Chonje jan papa m' te goumen pou nou, jan li te riske lavi l' pou nou, pou l' te ka delivre nou anba men moun Madyan yo.  
 
Jdg 9:18
 
Epi pou jňdi a nou leve dčyč fanmi papa m' yo. Nou touye swasanndis pitit gason l' yo sou menm wňch la, epi nou pran Abimelčk, yon pitit gason li fč ak yonn nan sčvant li yo, nou mete l' wa alatčt grannčg lavil Sichčm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye?  
 
Jdg 9:19
 
Si se tout bon vre epi ak tout kč nou nou fč Jewoubaal ak fanmi l' yo sa nou fč la a, enben, n'ap kontan avčk Abimelčk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou!  
 
Jdg 9:20
 
Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelčk pou li boule dčnye grannčg lavil Sichčm yo ak tout moun ki nan Bčt Milo. Se pou dife soti nan grannčg lavil Sichčm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelčk!  
 
Jdg 9:21
 
Apre sa, Jotam kouri met deyň. L' al kache lavil Beyč, paske li te pč Abimelčk, frč l' la.  
 
Jdg 9:22
 
ś Abimelčk gouvčnen pčp Izrayčl la pandan twazan.  
 
Jdg 9:23
 
Apre sa, Bondye mete yon sčl bouyay ant Abimelčk ak grannčg Sichčm yo, li fč grannčg Sichčm yo leve dčyč Abimelčk.  
 
Jdg 9:24
 
Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fč a: Abimčlčk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannčg lavil Sichčm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelčk lč li t'ap touye frč l' yo.  
 
Jdg 9:25
 
Grannčg lavil Sichčm yo mete anbiskad sou tčt mňn yo ap veye Abimelčk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vňlň tout moun ki t'ap pase sou chemen an bň kote yo. Abimelčk vin konn sa.  
 
Jdg 9:26
 
Gaal, pitit gason Ebčd la, vin rive lavil Sichčm ansanm ak frč l' yo. Grannčg lavil Sichčm yo fč msye konfyans.  
 
Jdg 9:27
 
Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fč diven, yo fč fčt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwč, epi yo bay Abimelčk kont madichon li.  
 
Jdg 9:28
 
Gaal, pitit gason Ebčd la, di yo: -Kisa Abimelčk ye menm pou n'ap sčvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichčm la menm pou y'ap sčvi Abimelčk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lňd? Poukisa pou n' sčvi l'? Non! Se pou moun Sichčm yo respekte Amň, zansčt yo, se moun fanmi li pou yo sčvi.  
 
Jdg 9:29
 
Pa mande Bondye se mwen ki te chčf pčp sa a! Mwen ta mete Abimelčk nan wňl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!  
 
Jdg 9:30
 
Zeboul te chčf lavil Sichčm. Lč li tande tout pawňl Gaal, pitit gason Ebčd la, te di yo, li fache anpil.  
 
Jdg 9:31
 
Li voye mesaje an kachčt bň Abimelčk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebčd la, rive lavil Sichčm ansanm ak frč l' yo. Y'ap moute tčt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre.  
 
Jdg 9:32
 
Men sa ou pral fč. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avč ou yo, al kache nan tout bwa a.  
 
Jdg 9:33
 
Nan maten, lč solčy fenk leve, w'a parčt, w'a tonbe sou lavil la pou atake l'. Lč Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w'a kraze l' ak tout fňs ou.  
 
Jdg 9:34
 
Se konsa, Abimelčk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fč kat gwoup, y' al kache andeyň limit lavil la.  
 
Jdg 9:35
 
Gaal, pitit gason Ebčd la, soti, l' al kanpe bň pňtay lavil la. Lč sa a, Abimelčk ak moun pa l' yo soti nan kachčt yo.  
 
Jdg 9:36
 
Lč Gaal wč moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tčt mňn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchč! Se lonbraj sou mňn yo ou pran pou moun!  
 
Jdg 9:37
 
Gaal di l' ankň: -Gade! Men yon bann moun k'ap desann Mňn Lonbrit latč a. Men yon lňt ankň k'ap vini sou chemen Pye Chenn moun k'ap li zetwal yo.  
 
Jdg 9:38
 
Lč sa a, Zeboul di l' konsa: -Kote bčl pawňl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t'ap mande ki moun Abimelčk ye konsa pou n'ap sčvi l'? Apa moun ou t'ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo!  
 
Jdg 9:39
 
Gaal pran devan, li mennen grannčg lavil Sichčm yo pou y' al goumen ak Abimelčk.  
 
Jdg 9:40
 
Men, lč Abimelčk mache sou li, Gaal pran kouri met deyň. Sňlda Abimelčk yo te blese anpil moun rive jouk devan pňtay lavil la.  
 
Jdg 9:41
 
Apre sa, Abimelčk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyň ak tout frč l' yo, kifč yo pa t' kapab rete lavil Sichčm ankň.  
 
Jdg 9:42
 
Nan denmen, moun lavil Sichčm yo fč lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelčk sa.  
 
Jdg 9:43
 
Li pran moun li yo, li separe yo fč twa gwoup epi l' al kache nan jaden yo. Lč li wč moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.  
 
Jdg 9:44
 
Abimelčk ak gwoup li a kouri devan, y' al rete devan pňtay lavil la, pandan de lňt gwoup yo menm t'ap atake moun ki nan jaden yo, yo t'ap touye yo.  
 
Jdg 9:45
 
Abimelčk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratč, epi li simen sčl sou tout anplasman lavil la.  
 
Jdg 9:46
 
Lč tout grannčg ki rete nan gwo fň won Sichčm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fň tanp Baal-Berit la.  
 
Jdg 9:47
 
Y' al di Abimelčk tout grannčg yo te sanble la.  
 
Jdg 9:48
 
Lč sa a, Abimelčk moute sou mňn Zalmon avčk moun ki te avč l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepňl li. Epi li di tout moun ki te avč l' yo: -Nou wč sa m' fč a, kouri vit! Al fč menm bagay la tou.  
 
Jdg 9:49
 
Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dčyč Abimelčk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fň a. Epi yo mete dife nan fň a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fň Sichčm lan mouri. Te gen mil (1.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.  
 
Jdg 9:50
 
ś Apre sa, Abimelčk ale lavil Tebčz, li sčnen l' epi li pran l'.  
 
Jdg 9:51
 
Te gen yon gwo fň won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chčf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fčmen tout pňt yo dčyč yo epi yo moute sou tčt fň a.  
 
Jdg 9:52
 
Abimelčk rive jouk bň fň a. Li pwoche bň pňt la pou l' te mete dife nan fň a.  
 
Jdg 9:53
 
Men yon fanm lage yon wňl moulen sou tčt Abimelčk, li kraze zo bwa tčt li.  
 
Jdg 9:54
 
Abimelčk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa jenn gason an pčse l' pak an pak, epi li mouri.  
 
Jdg 9:55
 
Lč moun pčp Izrayčl yo wč Abimelčk mouri, yo tout al lakay yo.  
 
Jdg 9:56
 
Se konsa Bondye te fč Abimelčk peye pou krim li te fč kont fanmi papa l' la, lč li te touye swasanndis frč l' yo.  
 
Jdg 9:57
 
Bondye te fč moun lavil Sichčm yo soufri pou mechanste yo te fč lňt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wč pou yo a rive yo vre.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 10Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards