All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 5

Judges 6:1-40

Judges 7 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 6:1
 
ś Pčp Izrayčl la lage kň l' ankň nan fč sa ki mal nan je Seyč a. Seyč a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sčtan.  
 
Jdg 6:2
 
Moun peyi Madyan yo te pi fň pase moun pčp Izrayčl yo. Se poutčt sa, moun pčp Izrayčl yo al kache kň yo nan fon ravin, nan gwňt, nan twou wňch yo jwenn nan mňn yo.  
 
Jdg 6:3
 
Chak fwa moun Izrayčl yo te fč yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avčk moun Amalčk yo ak lňt bann moun k'ap viv sou bň solčy leve, yo vin atake yo.  
 
Jdg 6:4
 
Yo moute tant yo sou tč moun Izrayčl yo, yo ravaje tout rekňt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayčl yo manje, pa menm yon mouton, yon bčf osinon yon bourik.  
 
Jdg 6:5
 
Lč konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bčt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikčt včt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.  
 
Jdg 6:6
 
Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayčl yo. Lč sa a, moun Izrayčl yo kriye nan pye Seyč a, yo mande l' sekou.  
 
Jdg 6:7
 
ś Lč pčp Izrayčl la te kriye nan pye Seyč a pou moun peyi Madyan yo,  
 
Jdg 6:8
 
Seyč a te voye yon pwofčt bay pčp la ki di yo: -Men sa Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fč nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.  
 
Jdg 6:9
 
Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lňt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyň pou yo fč plas pou nou, lčfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete.  
 
Jdg 6:10
 
Mwen te di nou se mwen menm Seyč a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sčvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lč m' te pale nou.  
 
Jdg 6:11
 
ś Lč sa a, zanj Seyč a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezč yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachčt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.  
 
Jdg 6:12
 
Zanj Seyč a parčt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sňlda! Seyč a avč ou!  
 
Jdg 6:13
 
Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyč a avč nou vre, manyč di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bčl bagay zansčt nou yo te rakonte nou Seyč a te konn fč, jan se li menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyč a lage nou, li kite moun Madyan yo fč sa yo vle ak nou.  
 
Jdg 6:14
 
Lč sa a, Seyč a bay Jedeyon lňd sa a, li di l': -Ale non. Avčk fňs kouraj ou genyen an, w'a delivre pčp Izrayčl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!  
 
Jdg 6:15
 
Jedeyon reponn li! -Tanpri, mčt! Avčk kisa mwen pral delivre pčp Izrayčl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lčfini, mwen menm pou tčt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.  
 
Jdg 6:16
 
Seyč a di l': -Ou ka fč l', paske m'ap kanpe la avč ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sčl moun yo te ye.  
 
Jdg 6:17
 
Jedeyon reponn: -Si reyčlman vre ou vle fč m' favč sa a, ban m' yon prčv se ou menm tout bon k'ap pale avč m' la a.  
 
Jdg 6:18
 
Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou.  
 
Jdg 6:19
 
Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fč pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sňs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyč a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.  
 
Jdg 6:20
 
Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wňch ou wč la a, epi vide sňs la sou yo. Jedeyon fč sa vre.  
 
Jdg 6:21
 
Zanj Seyč a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wňch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyč a disparčt devan li.  
 
Jdg 6:22
 
Lč Jčdeyon wč se zanj Seyč a menm ki te parčt devan l', li di: -Bondye Seyč o! Gade malč ki rive m' non! Mwen wč zanj Seyč a fas pou fas!  
 
Jdg 6:23
 
Men, Seyč a di l' konsa: -Ou pa bezwen pč. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.  
 
Jdg 6:24
 
Jedeyon bati yon lotčl pou Seyč a la menm. Epi li rele l': Seyč a bay kč poze. Jouk jňdi a lotčl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezč yo.  
 
Jdg 6:25
 
ś Menm jou lannwit sa a, Seyč a di Jedeyon konsa: -Pran towo bčf papa ou la, ansanm ak yon lňt towo ki gen sčtan. Kraze lotčl papa ou te fč pou Baal la. Koupe poto Achera ki bň kote l' la.  
 
Jdg 6:26
 
Moute sou ti bit sa a, bati yon lotčl pou Seyč a, Bondye ou la, jan yo konn fč l' la. Lčfini, pran dezyčm towo a, boule l' nčt sou lotčl la pou mwen nan dife w'a fč avčk moso poto Achera ou te koupe a.  
 
Jdg 6:27
 
Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fč tou sa Seyč a te di l' fč. Men, li te pč fanmi l' yo ak lňt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fč sa lajounen, l' al fč l' lannwit.  
 
Jdg 6:28
 
Lč mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wč lotčl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyčm towo a menm boule sou lotčl yo te bati la a.  
 
Jdg 6:29
 
Yonn di lňt: Ki moun ki fč sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fč fčt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fč sa.  
 
Jdg 6:30
 
Mesye yo al di Joas konsa: -Fč pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotčl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bň kote l' la.  
 
Jdg 6:31
 
Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solčy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tčt li. Se lotčl li a yo kraze!  
 
Jdg 6:32
 
Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotčl Baal la li te kraze.  
 
Jdg 6:33
 
ś Lč sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalčk yo ak tout moun k'ap viv nan dezč a bň solčy leve yo mete tčt ansanm, yo janbe lňt bň larivyč Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyčl la.  
 
Jdg 6:34
 
Lespri Seyč a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kňn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezč a vin jwenn li.  
 
Jdg 6:35
 
Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asč, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.  
 
Jdg 6:36
 
Lč sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sčvi avč m' pou delivre pčp Izrayčl la,  
 
Jdg 6:37
 
men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wč gen lawouze sou moso lenn lan sčlman epi tout rčs glasi a chčch, lč sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sčvi avč m' pou delivre pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 6:38
 
Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lč Jedeyon leve byen bonč, li tňde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bňl.  
 
Jdg 6:39
 
Lčfini, Jedeyon di Bondye ankň: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dčnye bagay. Kite m' fč esperyans moso lenn lan yon lňt fwa ankň. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chčch, epi pou lawouze sou tout glasi a.  
 
Jdg 6:40
 
Jou lannwit sa a, Bondye fč sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chčch, men te gen lawouze sou tout glasi a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 7Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards