All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 4

Judges 5:1-31

Judges 6 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 5:1
 
ś Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:  
 
Jdg 5:2
 
-Lwanj pou Seyč a, lč moun pčp Izrayčl yo soti pou yo goumen, lč pčp la pote tčt li ak kč kontan pou fč lagč!  
 
Jdg 5:3
 
Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chčf yo, louvri zňrčy nou! Mwen pral chante pou Seyč a! Mwen pral fč lwanj Sengč a, Bondye pčp Izrayčl la!  
 
Jdg 5:4
 
Seyč! Lč ou te kite mňn Seyi yo, lč ou te soti nan zňn peyi Edon an, latč te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syčl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.  
 
Jdg 5:5
 
Mňn yo pran tranble devan mčt mňn Sinayi a, devan Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la!  
 
Jdg 5:6
 
ś Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayčl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bčt yo. Vwayajč yo te blije pase nan lňt chemen.  
 
Jdg 5:7
 
Lavil peyi Izrayčl yo pa t' gen moun ladan yo ankň pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parčt tankou yon manman pou pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 5:8
 
Lč sa a, te prčt pou gen lagč nan peyi a. Moun pčp Izrayčl yo tanmen sčvi lňt bondye. Lč sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pčp Izrayčl la. Men, pa t' gen yon plak pwotčj ak frenn pou yo sčvi.  
 
Jdg 5:9
 
Mwen kontan chčf k'ap kňmande pčp Izrayčl la! Mwen kontan moun ki te pote tčt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyč a!  
 
Jdg 5:10
 
Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bčl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen!  
 
Jdg 5:11
 
Koute vwa moun ki al bň sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bčl bagay Seyč a te fč, bčl bagay li te fč pou pčp Izrayčl la. Lč sa a, pčp Seyč a te desann bň pňtay yo.  
 
Jdg 5:12
 
ś Annavan! Debora! Annavan! Annou wč! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini!  
 
Jdg 5:13
 
Lč sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chčf yo. Pčp Seyč a vin jwenn li, tou pare pou lagč.  
 
Jdg 5:14
 
Yo soti nan mňn Efrayim yo desann nan fon an, dčyč moun Benjamen yo ak sňlda lame yo. Kňmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon.  
 
Jdg 5:15
 
Chčf branch fanmi Isaka yo te la avčk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini.  
 
Jdg 5:16
 
Poukisa yo rete dčyč avčk mouton yo? Pou yo te ka tande gadň yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!  
 
Jdg 5:17
 
Moun Galarad yo te rete rete yo lňt bň larivyč Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asč yo rete rete yo bň lanmč a, yo rete sou tout rivaj yo.  
 
Jdg 5:18
 
Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a.  
 
Jdg 5:19
 
Wa yo vini, yo kwaze fč bň Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!  
 
Jdg 5:20
 
Zetwal yo rete nan syčl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syčl la, yo goumen ak Sisera.  
 
Jdg 5:21
 
Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fč sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale!  
 
Jdg 5:22
 
Lč sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tč a ak zago yo.  
 
Jdg 5:23
 
Zanj Seyč a di: Ann mande madichon pou lavil Mewňz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyč a, yo pa t' voye sňlda goumen pou li.  
 
Jdg 5:24
 
ś Nan tout fanm ki sou latč, Jayčl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayčl, madan Ebč, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latč, se yon fanm Bondye beni anpil.  
 
Jdg 5:25
 
Sisera mande l' dlo, li ba li lčt. Li ba l' yon krčm lčt nan pi bčl bňl li te genyen.  
 
Jdg 5:26
 
Li pran yon pikčt tant nan men gňch li, yon mato travayč nan men dwat li. Li frape Sisera nan tčt ak mato a, li krabouye tčt li. Li pčse tanp li, li touye l'.  
 
Jdg 5:27
 
Sisera tonbe sou jenou, li woule atč, epi li mouri nan pye Jayčl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atč. Kote li kouche a, li mouri frčt.  
 
Jdg 5:28
 
Manman Sisera ap gade nan fennčt la. L'ap gade dčyč jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?  
 
Jdg 5:29
 
Lč sa a, medam ki gen plis konprann nan sčvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kč l':  
 
Jdg 5:30
 
-Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lčnmi yo! Yon fi, de fi pou chak sňlda, bčl twal koulč byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bčl pou l' mete nan kou l'.  
 
Jdg 5:31
 
Wi, Seyč! Se konsa pou tout lčnmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solčy midi. Apre sa, te gen lapč nan peyi a pandan karantan.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 6Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards