| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jdg 21:1 | ś Moun pčp Izrayčl yo te fč gwo sčman devan Seyč a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
| |
| | Jdg 21:2 | Pčp la moute lavil Betčl, yo chita devan Bwat Kontra Seyč a jouk aswč. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo.
| |
| | Jdg 21:3 | Yo t'ap di: -Seyč o, Bondye pčp Izrayčl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pčp Izrayčl la ki manke jňdi a?
| |
| | Jdg 21:4 | Nan denmen, moun yo leve byen bonč, yo bati yon lotčl. Yo boule bčt nan dife nčt sou li, yo fč ofrann pou mande Bondye padon.
| |
| | Jdg 21:5 | Lčfini, yo t'ap mande: -Kilčs nan tout branch fanmi pčp Izrayčl la ki pa t' nan reyinyon nou te fč devan Seyč a? Lč reyinyon an, yo te fč yon gwo sčman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyč a.
| |
| | Jdg 21:6 | Men, pčp Izrayčl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frč yo. Yo t'ap di: -Wi jňdi a, pčp Izrayčl la pčdi yon branch fanmi vre!
| |
| | Jdg 21:7 | Kisa nou pral fč pou ti rčs ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fč sčman devan Seyč a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.
| |
| | Jdg 21:8 | Lč sa a, yo mande: -Kilčs nan branch fanmi pčp Izrayčl la ki pa t' moute lavil Mispa devan Seyč a? Yo jwenn pesonn nan lavil Jabčs nan peyi Galarad la, pa t' vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an.
| |
| | Jdg 21:9 | Lč yo t'ap konte moun ki te la yo, pa t' gen yon moun nan lavil Jabčs nan peyi Galarad la.
| |
| | Jdg 21:10 | Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (12.000) sňlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lňd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dčnye moun lavil Jabčs, ata fanm ak timoun.
| |
| | Jdg 21:11 | Men sa pou nou fč: N'a touye dčnye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fč pou Seyč a.
| |
| | Jdg 21:12 | Nan moun lavil Jabčs nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (400) jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.
| |
| | Jdg 21:13 | Lčfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bň Wňch Rimon an. Yo mande yo fč lapč.
| |
| | Jdg 21:14 | Moun Benjamen yo tounen, epi lňt moun Izrayčl yo ba yo jenn fi lavil Jabčs yo pa t' touye yo pou madanm. Men, pa t' gen ase pou yo tout.
| |
| | Jdg 21:15 | Sa te fč pčp Izrayčl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Seyč a te kraze tčt ansanm ki te gen nan pčp Izrayčl la.
| |
| | Jdg 21:16 | ś Se konsa chčf ki te la yo di konsa: -Pa gen fanm ankň nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fč la a pou nou bay rčs mesye yo fanm pou yo marye?
| |
| | Jdg 21:17 | Yo di ankň: -Pčp Izrayčl la pa ka pčdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou.
| |
| | Jdg 21:18 | Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pčp Izrayčl la te fč sčman pou yo pa fč sa. Yo te di: Madichon pou nenpňt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
| |
| | Jdg 21:19 | Apre sa yo di: -Nan kčk jou, se pral lč pou nou fč gwo fčt nou gen pou nou fč chak lanne pou Seyč a lavil Silo. Lavil Silo sa a te sou bň nň lavil Betčl, sou bň sid lavil Lebona, sou bň solčy kouche wout ki soti Betčl moute Sichčm.
| |
| | Jdg 21:20 | Yo di moun Benjamen yo: -Al kache nan jaden rezen yo.
| |
| | Jdg 21:21 | Lč n'a wč jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fčt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fňs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avčk yo.
| |
| | Jdg 21:22 | Si papa yo osinon frč yo vin jwenn nou, nou menm chčf pčp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lč nou te al goumen lavil Jabčs la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sčman nou.
| |
| | Jdg 21:23 | Mesye Benjamen yo fč sa yo te di yo fč a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansčt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la.
| |
| | Jdg 21:24 | Lč sa a, rčs moun pčp Izrayčl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pňsyon tč yo te bay zansčt yo.
| |
| | Jdg 21:25 | Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayčl la. Chak moun te fč sa yo pito.
| |