All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 19

Judges 20:1-48

Judges 21 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 20:1
 
ś Tout pčp Izrayčl la nčt, depi lavil Dann nan nň jouk lavil Bčcheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pčp la nčt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyč a, lavil Mispa.  
 
Jdg 20:2
 
Tout chčf fanmi yo ansanm ak tout lňt chčf pčp Izrayčl la te sanble la devan Seyč a. Te gen katsanmil (400.000) sňlda apye antou.  
 
Jdg 20:3
 
Moun Benjamen yo vin konnen rčs pčp Izrayčl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayčl yo mande: -Manyč di nou ki jan bagay lčd sa a fč rive.  
 
Jdg 20:4
 
Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit.  
 
Jdg 20:5
 
Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sčnen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fč kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri.  
 
Jdg 20:6
 
Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayčl la, paske moun Benjamen yo te fč yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 20:7
 
Nou tout isit la se moun pčp Izrayčl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fč?  
 
Jdg 20:8
 
Tout pčp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyň.  
 
Jdg 20:9
 
Men sa nou pral fč: nou pral tire osň pou n' chwazi kčk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo.  
 
Jdg 20:10
 
Lčfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fč nan peyi Izrayčl la.  
 
Jdg 20:11
 
Se konsa tout pčp Izrayčl la te mete tčt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo.  
 
Jdg 20:12
 
ś Lňt branch fanmi pčp Izrayčl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fčt konsa lakay nou?  
 
Jdg 20:13
 
Koulye a ban nou moun sa yo, bann vňryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayčl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lňt moun pčp Izrayčl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fč a.  
 
Jdg 20:14
 
Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rčs pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 20:15
 
Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (26.000) sňlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sčtsan (700) sňlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.  
 
Jdg 20:16
 
Pami tout sňlda sa yo te gen sčtsan (700) ladan yo ki te bon anpil nan fč lagč. Yo tout te sčvi ak men gňch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wňch, san yo pa janm manke l' yon fwa.  
 
Jdg 20:17
 
Moun pčp Izrayčl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (400.000) gason ki te konn goumen.  
 
Jdg 20:18
 
ś Moun pčp Izrayčl yo leve, y' ale lavil Betčl, y' al mande Seyč a sa pou yo fč. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pčp Izrayčl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyč a di yo: -Se branch fanmi Jida a.  
 
Jdg 20:19
 
Se konsa, pčp Izrayčl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bň lavil Gibeya.  
 
Jdg 20:20
 
Lčfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.  
 
Jdg 20:21
 
Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sňlda nan lame pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 20:22
 
Men, lame pčp Izrayčl la reprann fňs, yo pran pozisyon ankň menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen.  
 
Jdg 20:23
 
Moun pčp Izrayčl yo menm moute Betčl, y' al kriye nan pye Seyč a jouk aswč, epi yo mande Seyč a sa pou yo fč. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankň kont moun fanmi Benjamen yo, frč nou yo? Seyč a reponn yo: -Wi. Nou mčt ale.  
 
Jdg 20:24
 
Se konsa lame pčp Izrayčl la atake moun Benjamen yo yon dezyčm fwa.  
 
Jdg 20:25
 
Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pčp Izrayčl la.  
 
Jdg 20:26
 
ś Lč sa a, ni lame a ni rčs pčp Izrayčl la moute lavil Betčl. Yo chita la devan Seyč a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswč. Apre sa, yo boule bčt nan dife pou Seyč a, yo fč ofrann pou mande Seyč a padon.  
 
Jdg 20:27
 
Lčfini, yo mande Seyč a ankň sa pou yo fč. Lč sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betčl.  
 
Jdg 20:28
 
Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fč sčvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyč a: -Eske se pou n' al goumen ankň kont moun Benjamen yo, frč nou yo, osinon čske se pou n' rete sou sa nou fč a? Seyč a reponn yo: -Nou mčt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.  
 
Jdg 20:29
 
Moun Izrayčl yo mete kčk sňlda kache toupatou bň lavil Gibeya a.  
 
Jdg 20:30
 
Apre sa, sou twazyčm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankň devan lavil Gibeya a jan yo te fč l' anvan an.  
 
Jdg 20:31
 
Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dčyč yo. Tankou lňt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sňlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betčl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mňn.  
 
Jdg 20:32
 
Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankň, tankou lňt fwa yo. Men, moun pčp Izrayčl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyň yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dčyč yo.  
 
Jdg 20:33
 
Lč sa a, lame pčp Izrayčl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bň Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dčyč gwo wňch ki te bň lavil Gibeya a.  
 
Jdg 20:34
 
Dimil (10.000) bon sňlda yo te chwazi nan lame pčp Izrayčl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rčd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankň konprann batay la tapral vire mal pou yo.  
 
Jdg 20:35
 
Seyč a fč pčp Izrayčl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pčp Izrayčl la te desann vennsenkmil san (25.100) sňlda nan moun Benjamen yo.  
 
Jdg 20:36
 
Se lč sa a, moun Benjamen yo vin wč yo t'ap pčdi batay la vre. Moun pčp Izrayčl yo menm t'ap fč bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kň yo bň lavil Gibeya a.  
 
Jdg 20:37
 
Mesye sa yo kouri soti nan kachčt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dčnye moun yo jwenn ladan l'.  
 
Jdg 20:38
 
Moun Izrayčl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lč yo wč gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la,  
 
Jdg 20:39
 
moun Izrayčl yo vire fč fas kare ak moun Benjamen yo. Lč sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lňt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.  
 
Jdg 20:40
 
Lamenm siyal la parčt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dčyč, yo sezi wč dife te pete toupatou nan lavil la.  
 
Jdg 20:41
 
Moun Izrayčl yo menm te vire tounen sou yo. Lč sa a, laperčz fč moun Benjamen yo pčdi tčt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.  
 
Jdg 20:42
 
Yo pran kouri pou moun Izrayčl yo, yo pran wout dezč a pou yo. Men, li te twň ta, yo pa t' ka chape ankň. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayčl la yon bň ak sňlda ki t'ap soti lavil la lňt bň. Yo tout mouri.  
 
Jdg 20:43
 
Moun Izrayčl yo kouri dčyč yo san rete, yo touye yo yonn apre lňt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bň solčy leve.  
 
Jdg 20:44
 
Yo touye dizwitmil (18.000) moun nan pi bon sňlda moun Benjamen yo.  
 
Jdg 20:45
 
Lňt yo menm kouri ale nan dezč a bň wňch Rimon an. Yo touye senkmil (5.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dčyč rčs la jouk Gideyon. Yo touye demil (2.000) ladan yo.  
 
Jdg 20:46
 
Jou sa a, yo te touye vennsenkmil (25.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sňlda ki te konn goumen.  
 
Jdg 20:47
 
Men, gen sisan (600) nan moun ki te kouri al nan dezč a, bň Wňch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa.  
 
Jdg 20:48
 
Moun Izrayčl yo menm tounen dčyč lňt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bčt ak tout lňt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 191 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 21Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards