All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 18

Judges 19:1-30

Judges 20 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 19:1
 
ś Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayčl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mňn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyčm nan peyi Jida, pou fanm kay li.  
 
Jdg 19:2
 
Men, fanm lan vin tonbe nan dezňd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyčm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.  
 
Jdg 19:3
 
Lč sa a, mari a leve, l' al dčyč l' pou l' wč si li te ka tounen avč l' ankň. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lč papa madanm lan wč l', li te byen kontan resevwa l' tou.  
 
Jdg 19:4
 
Bňpč a pran tčt moun Levi a, li fč l' rete pase twa jou avč l'. Mesyedam yo manje, yo bwč, yo pase nwit nan kay la.  
 
Jdg 19:5
 
Sou katriyčm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafč yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfňm. Aprč sa, w'a pati.  
 
Jdg 19:6
 
Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwč. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankň isit la. Pran plezi ou non!  
 
Jdg 19:7
 
Nonm lan te leve pou l' pati, men bňpč a sitčlman kenbe la avč l', li tounen pase nwit la la ankň.  
 
Jdg 19:8
 
Sou senkyčm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bňpč a di l' konsa: -Mete kichňy nan vant ou non, monchč. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje.  
 
Jdg 19:9
 
Aprč sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bňpč a di l': -Gade solčy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talč fčnwa pral tonbe. Rete non, monchč. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonč pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.  
 
Jdg 19:10
 
Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lňt nwit ankň. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalčm.  
 
Jdg 19:11
 
Lč sa a, te konmanse ap fč nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fč yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.  
 
Jdg 19:12
 
Men, mčt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lňt nasyon yo, kote pa gen yon moun pčp Izrayčl la menm. N'ap fč wout nou jouk nou rive lavil Gibeya.  
 
Jdg 19:13
 
Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama.  
 
Jdg 19:14
 
Se konsa yo pa rete, y' al fč wout yo. Solčy t'ap fin kouche lč yo rive bň lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo.  
 
Jdg 19:15
 
Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.  
 
Jdg 19:16
 
ś Nan aswč, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mňn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye.  
 
Jdg 19:17
 
Je granmoun lan al tonbe sou vwayajč yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti?  
 
Jdg 19:18
 
Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyčm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mňn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyčm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.  
 
Jdg 19:19
 
Nou gen manje ak zčb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen.  
 
Jdg 19:20
 
Lč sa a granmoun lan di: -Pňt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sčlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.  
 
Jdg 19:21
 
Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bčt yo zčb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwč.  
 
Jdg 19:22
 
ś Yo t'ap koze yonn ak lňt lč kčk mesye lavil la, yon bann vňryen, vin sčnen kay la. Yo pran frape nan pňt la. Yo pale ak granmoun ki te mčt kay la, yo di l' konsa: -Fč nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avč l'.  
 
Jdg 19:23
 
Mčt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fč vye bagay lčd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fč bagay sal sa a.  
 
Jdg 19:24
 
Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fč yo soti vin jwenn nou. Nou mčt kouche ak yo. Nou mčt fč sa nou vle ak yo. Men, pa vin fč ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan.  
 
Jdg 19:25
 
Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lč sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fč l' soti al jwenn yo deyň a. Tout mesye yo kouche avč l', yo fč tout kalite bagay avč l' pandan tout nwit lan. Solčy t'apral leve lč yo kite l'.  
 
Jdg 19:26
 
Lč bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papňt kay kote mari l' te ye a. Li rete atč a jouk solčy fin leve.  
 
Jdg 19:27
 
Nan maten, mari a leve, li louvri pňt pou l' soti. Li fč sa pou l' al fč wout li, li wč fanm kay li a blayi atč a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papňt la.  
 
Jdg 19:28
 
Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravč sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li.  
 
Jdg 19:29
 
Lč l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fč douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayčl la.  
 
Jdg 19:30
 
Chak moun ki te wč sa di konsa: -Nou pa janm wč bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lč pčp Izrayčl la kite peyi Lejip rive jounen jňdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fč pou sa. Sa nou di nan sa?  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 181 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 20Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards