All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 14

Judges 15:1-20

Judges 16 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 15:1
 
ś Kčk tan apre sa, pandan rekňt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bňpč li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bňpč a pa t' kite l' antre.  
 
Jdg 15:2
 
Li di Samson konsa: -Mwen te kwč ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sč l' la pi bčl pase l'. Ou te mčt pran ti sč a nan plas gran sč a.  
 
Jdg 15:3
 
Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fč moun Filisti yo kichňy, piga pesonn vin di m' anyen.  
 
Jdg 15:4
 
L' ale, li pran twasan (300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandčl nan mitan ke yo.  
 
Jdg 15:5
 
Apre sa, li mete dife nan bwa chandčl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dčnye ble moun yo, non sčlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.  
 
Jdg 15:6
 
Lč sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fč sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fč l', paske bňpč l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la.  
 
Jdg 15:7
 
Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fč sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fč nou peye sa nou fč m' la a.  
 
Jdg 15:8
 
Se konsa, li atake yo avčk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wňch bň lavil Etam.  
 
Jdg 15:9
 
ś Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.  
 
Jdg 15:10
 
Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fč l' pase menm sa li te fč nou pase a.  
 
Jdg 15:11
 
Lč sa a, twamil (3000) gason peyi Jida desann bň twou wňch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lč ou pa konnen se moun Filisti yo ki chčf nan peyi nou an? Poukisa ou fč nou sa? Li reponn yo: -Mwen fč yo menm sa yo te fč m' lan.  
 
Jdg 15:12
 
Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fč m' sčman nou p'ap touye m', nou menm!  
 
Jdg 15:13
 
Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kňd tou nčf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avč l' soti nan twou wňch la.  
 
Jdg 15:14
 
Lč yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avč l', yo t'ap rele sitčlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyč a desann sou Samson. Epi li kase kňd ki te mare de bra l' yo. Moso kňd yo tonbe atč, ou ta di fil ki boule nan dife.  
 
Jdg 15:15
 
Li jwenn zo machwč yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (1000) moun avč l'.  
 
Jdg 15:16
 
Lčfini, li pran chante, li di: -Avčk yon zo machwč bourik mwen touye mil moun. Avčk yon zo machwč bourik mwen bat yo byen bat.  
 
Jdg 15:17
 
Lč li fin di sa, li voye zo machwč bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mňn zo machwč.  
 
Jdg 15:18
 
ś Apre sa, Samson vin anvi bwč dlo. Li rele Seyč a, li di: -Ou fin fč m' genyen bčl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sčvi ou yo mete men sou mwen!  
 
Jdg 15:19
 
Lč sa a, Bondye louvri yon twou nan tč a bň lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwč dlo, li santi l' refč. Se poutčt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bň lavil Leki jouk jňdi a.  
 
Jdg 15:20
 
Samson gouvčnen pčp Izrayčl la pandan ventan sou rčy moun Filisti yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 141 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 16Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards