All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 13

Judges 14:1-20

Judges 15 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 14:1
 
ś Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li wč yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen.  
 
Jdg 14:2
 
Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wč lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.  
 
Jdg 14:3
 
Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sčvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pčp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fč lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.  
 
Jdg 14:4
 
Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyč a ki t'ap pouse Samson fč sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lč sa a, se moun Filisti ki te chčf sou moun pčp Izrayčl yo.  
 
Jdg 14:5
 
Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lč yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wč yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li.  
 
Jdg 14:6
 
Lamenm, lespri Seyč a vin sou li. Li vin gen yon sčl fňs, li dechčpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fč a.  
 
Jdg 14:7
 
Lčfini, l' ale, li pale ak ti fi a, li renmen l'.  
 
Jdg 14:8
 
Kčk tan apre sa, li tounen vin marye avč l'. Sou wout li, li fč yon ti detou pou l' al wč kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myčl avčk siwo myčl anndan kadav la.  
 
Jdg 14:9
 
Li pran ti moso gato myčl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fč rčs vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rčs gato myčl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'.  
 
Jdg 14:10
 
ś Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lč sa a, Samson fč yon bčl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fč lč y'ap marye.  
 
Jdg 14:11
 
Lč moun Filisti yo wč l', yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avč l'.  
 
Jdg 14:12
 
Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sčt jou fčt nňs la fin pase, m'ap ban nou trant bčl varčz ak trant rechanj fčt ak bčl twal.  
 
Jdg 14:13
 
Men, si nou pa jwenn li anvan lč sa a, se nou ki pral ban mwen trant varčz ak trant rechanj. Yo di l': -Dakň! Ban nou kont la. Fč nou tande l'.  
 
Jdg 14:14
 
Li di yo: -Manje soti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous soti nan sa ki gen anpil fňs. Twa jou pase, yo pa t' ankň jwenn kont la.  
 
Jdg 14:15
 
Sou katriyčm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tčt mari ou, fč l' ban nou kont la. Si ou pa fč sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avč ou ladan l'! Gen lč se pou eskanmňte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?  
 
Jdg 14:16
 
Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepňl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machč! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atň se ou menm mwen ta di l'?  
 
Jdg 14:17
 
Pandan tout sčt jou fčt nňs la, li pa t' sispann kriye nan zňrčy Samson. Sou setyčm jou a, Samson ba li sekrč kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twňp. Lčfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.  
 
Jdg 14:18
 
Se konsa, sou setyčm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dňmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myčl? Kisa ki gen plis fňs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tčt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!  
 
Jdg 14:19
 
Lč sa a, lespri Seyč a desann sou Samson pou ba l' fňs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fč yon sčl kňlč, li tounen lakay papa l'.  
 
Jdg 14:20
 
Lč sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avčk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l' lan, yo ba li madan Samson pou madanm li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 15Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards