| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jdg 11:1 | ś Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sňlda. Papa l' te rele Galarad. Manman l' te yon jennčs.
| |
| | Jdg 11:2 | Madan Galarad te fč lňt pitit gason pou mari l'. Men, lč pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyň nan kay la, yo di l' konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennčs.
| |
| | Jdg 11:3 | Jefte kouri met deyň pou frč l' yo, l' al rete nan peyi Tňb. Yon bann vňryen vin mete tčt ansanm avčk Jefte. Yo te konn soti avč l' al devalize moun.
| |
| | Jdg 11:4 | ś Kčk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fč lagč ak pčp Izrayčl la.
| |
| | Jdg 11:5 | Lč moun Amon yo vin atake pčp Izrayčl la, chčf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tňb pou mennen l' tounen.
| |
| | Jdg 11:6 | Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kňmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo.
| |
| | Jdg 11:7 | Men, Jefte di chčf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwč nou pa vle wč m'? Nou fňse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?
| |
| | Jdg 11:8 | Chčf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avčk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chčf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.
| |
| | Jdg 11:9 | Lč sa a, Jefte di chčf fanmi peyi Galarad yo: -Tansčlman, si nou fč m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyč a fč m' kraze yo, se mwen menm k'ap chčf nou tout bon wi!
| |
| | Jdg 11:10 | Chčf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyč a sčvi nou temwen! N'ap fč tou sa ou sot di la a.
| |
| | Jdg 11:11 | Se konsa, Jefte ale avčk chčf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chčf pou l' gouvčnen yo, pou l' kňmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyč a, lavil Mispa.
| |
| | Jdg 11:12 | ś Lčfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avčk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?
| |
| | Jdg 11:13 | Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pčp Izrayčl la, lč yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyč Anon jouk larivyč Jabňk ak larivyč Jouden. Koulye a se pou yo renmčt nou tč nou san bri san kont.
| |
| | Jdg 11:14 | Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo,
| |
| | Jdg 11:15 | avčk repons sa a: -Pčp Izrayčl la pa janm pran ankenn pňsyon nan tč moun Moab yo, ni nan tč moun Amon yo.
| |
| | Jdg 11:16 | Paske lč pčp Izrayčl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezč a jouk lanmč Wouj yo, epi yo rive Kadčs.
| |
| | Jdg 11:17 | Lč sa a, pčp Izrayčl la voye mesaje bň kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fč yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bň kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pčp Izrayčl la rete Kadčs.
| |
| | Jdg 11:18 | Apre sa, yo pran mache nan dezč a, yo fč yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bň solčy leve peyi Moab la, lňt bň larivyč Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lňt bň larivyč Anon paske se li ki te sčvi fwontyč pou peyi Moab la.
| |
| | Jdg 11:19 | Lč sa a pčp Izrayčl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pčmisyon pou yo fč yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a.
| |
| | Jdg 11:20 | Men, Siyon pa t' fč pčp Izrayčl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sňlda li yo, yo vin moute kan yo bň Ajaza, epi yo atake pčp Izrayčl la.
| |
| | Jdg 11:21 | Men, Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pčp Izrayčl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pčp Izrayčl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zňn lan.
| |
| | Jdg 11:22 | Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyč Anon bň nan sid jouk larivyč Jabňk bň nan nň, depi dezč a bň solčy leve jouk larivyč Jouden bň solčy kouche.
| |
| | Jdg 11:23 | Konsa, se Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, ki te mete moun Amori yo deyň pou fč plas pou pčp Izrayčl la, pčp li a.
| |
| | Jdg 11:24 | Koulye a, ou ta vle reprann tč a nan men Seyč a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemňch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyč a, Bondye nou an, ban nou?
| |
| | Jdg 11:25 | Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipň a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwčt li sou pčp Izrayčl la, li pa janm leve vin goumen ak nou.
| |
| | Jdg 11:26 | Pčp Izrayčl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyč ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bň larivyč Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo?
| |
| | Jdg 11:27 | Non. Mwen pa fč nou anyen, se nou menm ki fč m' lč nou vin fč m' lagč. Se Seyč a sčl moun ki pou jije. L'a deside ant pčp Izrayčl la ak pčp Amori a kilčs ki gen rezon!
| |
| | Jdg 11:28 | Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a.
| |
| | Jdg 11:29 | ś Lespri Seyč a te sou Jefte. Jefte travčse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.
| |
| | Jdg 11:30 | Jefte te fč Seyč a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',
| |
| | Jdg 11:31 | m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lč m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nčt nan dife pou ou.
| |
| | Jdg 11:32 | Se konsa, Jefte janbe lňt bň fwontyč a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyč a lage yo nan men l'.
| |
| | Jdg 11:33 | Li bat yo depi lavil Awoyč rive nan tout zňn Minit la jouk Abčl Kiramen. Sa te fč vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumčt devan pčp Izrayčl la.
| |
| | Jdg 11:34 | Lč Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sčl pitit li te genyen. Li pa t' gen lňt pitit ankň, ni fi ni gason.
| |
| | Jdg 11:35 | Lč Jefte wč li, li chire rad sou li sitčlman sa te fč l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fč m' tout lapenn sa a! Mwen te fč yon gwo ve bay Seyč a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'.
| |
| | Jdg 11:36 | Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fč yon ve bay Seyč a, se pou ou fč m' sa ou te di w'ap fč m' lan, paske Seyč a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lčnmi ou yo.
| |
| | Jdg 11:37 | Apre sa li di papa l' konsa: -Yon sčl bagay m'ap mande ou! Ban m' yon ti delč de mwa pou m' al pwonmennen ansanm ak zanmi m' yo nan mňn yo pou m' al kriye, paske mwen pral mouri san m' pa marye.
| |
| | Jdg 11:38 | Jefte kite l' ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l' yo ale nan mňn, y' al kriye paske li tapral mouri tifi.
| |
| | Jdg 11:39 | Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fč sa l' te pwomčt fč pou Seyč a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lč sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayčl la,
| |
| | Jdg 11:40 | pou chak lanne medam pčp Izrayčl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.
| |