All NT OTBook
Compare Texts
Joshua 1 Judges 9

Judges 10:1-18

Judges 11 Ruth 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jdg 10:1
 
ś Apre Abimelčk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parčt pou delivre pčp Izrayčl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mňn Efrayim yo.  
 
Jdg 10:2
 
Li te chčf nan peyi Izrayčl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami.  
 
Jdg 10:3
 
Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parčt. Li gouvčnen peyi Izrayčl la pandan venndezan.  
 
Jdg 10:4
 
Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi.  
 
Jdg 10:5
 
Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon.  
 
Jdg 10:6
 
ś Apre sa, moun pčp Izrayčl yo rekonmanse ankň ap fč sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fč sčvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyč a, yo sispann sčvi l'.  
 
Jdg 10:7
 
Se konsa Seyč a fache sou pčp Izrayčl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.  
 
Jdg 10:8
 
Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pčp Izrayčl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pčp Izrayčl la ki t'ap viv lňt bň larivyč Jouden an, sou bň solčy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a.  
 
Jdg 10:9
 
Moun Amon yo te menm rive janbe lňt bň larivyč Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pčp Izrayčl la te nan gwo lapenn.  
 
Jdg 10:10
 
ś Lč sa a, yo rele nan pye Seyč a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fč sčvis pou Baal yo.  
 
Jdg 10:11
 
Seyč a reponn pčp Izrayčl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo,  
 
Jdg 10:12
 
moun Sidon yo, moun Amalčk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lč sa a?  
 
Jdg 10:13
 
Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fč sčvis pou lňt bondye. Se poutčt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankň.  
 
Jdg 10:14
 
Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lč nou nan ka!  
 
Jdg 10:15
 
Men, moun pčp Izrayčl yo di Seyč a: -Nou fč sa nou pa t' dwe fč: Ou mčt fč nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jňdi a!  
 
Jdg 10:16
 
Apre sa, yo wete tout bondye lňt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sčvi Seyč a. Seyč a pa t' gen kč pou l' wč jan pčp Izrayčl la te nan lapenn.  
 
Jdg 10:17
 
Lč sa a, lame pčp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pčp Izrayčl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa.  
 
Jdg 10:18
 
Pčp peyi Galarad la ak chčf yo t'ap pale, yonn t'ap di lňt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chčf tout moun nan peyi Galarad!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Joshua 1Judges 91 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 Judges 11Ruth 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards