| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Rev 7:1 | ś Apre sa, mwen wč kat zanj kanpe nan kat kwen latč a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tč, ni sou lanmč, ni sou okenn piebwa.
| |
| | Rev 7:2 | Lč sa a, mwen wč yon lňt zanj ki moute soti bň kote solčy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fň, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tč a ak lanmč a, li di yo:
| |
| | Rev 7:3 | Poko fč ni tč a, ni lanmč a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sčvitč Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.
| |
| | Rev 7:4 | Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pčp Izrayčl la.
| |
| | Rev 7:5 | Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la,
| |
| | Rev 7:6 | douzmil nan branch Asč a, douzmil nan branch Nčftali a, douzmil nan branch Manase a,
| |
| | Rev 7:7 | douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a,
| |
| | Rev 7:8 | douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozčf la, douzmil nan branch Benjamen an.
| |
| | Rev 7:9 | Apre sa, mwen gade ankň, mwen wč yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lňt nasyon, tout kalite ras, pčp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fňtčy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fčy palmis nan men yo.
| |
| | Rev 7:10 | Yo t'ap rele byen fň, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fňtčy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou.
| |
| | Rev 7:11 | Tout zanj yo kanpe, yo fč yon wonn, yo mete fňtčy la, granmoun yo ak kat bčt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kň yo atč devan fňtčy la, yo bese tčt yo byen ba pou adore Bondye,
| |
| | Rev 7:12 | yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onč, bon konprann, rekonesans, respč, pouvwa ak fňs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amčn.
| |
| | Rev 7:13 | ś Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bň yo soti?
| |
| | Rev 7:14 | Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mčt mwen. Lč sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pčsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.
| |
| | Rev 7:15 | Se poutčt sa, yo kanpe la devan fňtčy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sčvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fňtčy la ap toujou la pou pwoteje yo.
| |
| | Rev 7:16 | Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solčy, ni okenn lňt gwo chalč p'ap kapab boule yo.
| |
| | Rev 7:17 | Paske, ti Mouton ki nan mitan fňtčy la va tankou yon gadň pou yo. La mennen yo bň sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
| |