All NT OTBook
Compare Texts
Jude 1 Revelation 3

Revelation 4:1-11

Revelation 5

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rev 4:1
 
ś Apre sa, mwen fč yon lňt vizyon, mwen wč yon pňt louvri nan sičl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zňrčy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avč m' anvan an, di m' konsa: Moute bň isit, m'a fč ou wč sa ki gen pou rive apre sa.  
 
Rev 4:2
 
Lamenm, Lespri Bondye a fč m' fč yon vizyon, mwen wč yon fňtčy nan sičl la ak yon moun chita sou li.  
 
Rev 4:3
 
Figi moun lan te klere tankou pič bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fňtčy la menm te nan mitan yon gwo lakansičl ki te klere tankou yon pič emwňd.  
 
Rev 4:4
 
Tout arebň fňtčy la te gen vennkat lňt fňtčy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwňn an lň sou tčt yo chak.  
 
Rev 4:5
 
Kout zčklč t'ap pati soti nan fňtčy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sčt flanbo limen ki t'ap boule devan fňtčy la; se sčt Lespri Bondye yo.  
 
Rev 4:6
 
Devan fňtčy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmč an glas ki klere kou kristal. Toupre fňtčy la, te gen kat bčt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dčyč.  
 
Rev 4:7
 
Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyčm lan te sanble ak yon jenn ti towo bčf. Twazičm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyčm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole.  
 
Rev 4:8
 
ś Yo chak yo te gen sis zčl. Tout kň yo se te je andedan kou deyň. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sčl Mčt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an.  
 
Rev 4:9
 
Kat bčt vivan yo t'ap chante pou fč lwanj moun ki chita sou fňtčy la, pou rann li onč, pou di l' mčsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante,  
 
Rev 4:10
 
vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atč devan moun ki chita sou fňtčy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwňn yo devan fňtčy la. Yo di:  
 
Rev 4:11
 
O Bondye, Mčt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respč ak pouvwa. Se ou menm ki fč tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Jude 1Revelation 31 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 Revelation 5
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards