All NT OTBook
Compare Texts
Jude 1 Revelation 21

Revelation 22:1-21

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rev 22:1
 
ś Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyč dlo ki t'ap koule soti anba fňtčy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.  
 
Rev 22:2
 
Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bň rivič a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fčy li yo yo fč renmčd pou geri nasyon yo.  
 
Rev 22:3
 
p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fňtčy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sčvitč yo va adore li.  
 
Rev 22:4
 
Y'a parčt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo.  
 
Rev 22:5
 
p'ap janm fč nwit ankň. Moun yo p'ap bezwen ni limič lanp ni limič solčy, paske Mčt la, Bondye, va klere yo, li va yon limič pou yo. Lč sa a y'a gouvčnen pou tout tan.  
 
Rev 22:6
 
ś Apre sa, zanj lan di mwen: Pawňl sa yo se verite. Tout moun dwe kwč yo. Bondye Mčt la, li menm ki mete pawňl li nan bouch pwofčt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sčvitč l' yo sa ki pral rive anvan lontan.  
 
Rev 22:7
 
Jezi di: Koute, m'ap vini talč konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawňl Bondye ki nan liv sa a.  
 
Rev 22:8
 
Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wč yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wč yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fč m' wč yo a pou m' adore li.  
 
Rev 22:9
 
Men, li di mwen: Non pa fč sa. Se sčvi m'ap sčvi Bondye ansanm avč ou, ansanm ak tout frč ou yo ki pwofčt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawňl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.  
 
Rev 22:10
 
Apre sa, li di mwen: Pa sere pawňl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.  
 
Rev 22:11
 
Mechan yo mčt plede ap fč toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye yo mčt kontinye fč sa ki pa dakň ak sčvis Bondye. Moun ki bon yo mčt kontinye fč sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mčt kontinye viv pou Bondye.  
 
Rev 22:12
 
Jezi di: Koute, m'ap vin talč konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avč m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fč.  
 
Rev 22:13
 
Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dčnye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.  
 
Rev 22:14
 
Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pňtay lavil la.  
 
Rev 22:15
 
Men, mete nou deyň, bann chen, nou menm moun k'ap fč maji, moun k'ap fč imoralite, ansasen, moun k'ap sčvi zidňl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.  
 
Rev 22:16
 
Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bčl zetwal k'ap klere chak maten an.  
 
Rev 22:17
 
Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwč dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.  
 
Rev 22:18
 
Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawňl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawňl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.  
 
Rev 22:19
 
Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawňl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pňsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.  
 
Rev 22:20
 
ś Moun ki garanti verite tout pawňl sa yo di: Wi, m'ap vin talč konsa! Amčn. Vini non, Seyč Jezi!  
 
Rev 22:21
 
Se pou benediksyon Seyč Jezi a rete toujou la ak tout moun.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Jude 1Revelation 211 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards