| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Rev 18:1 | ś Apre sa, mwen wč yon lňt zanj desann soti nan sičl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bčl, li klere tout latč.
| |
| | Rev 18:2 | Li t'ap pale byen fň, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilňn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kň yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye, zwazo moun fčt pou rayi, rete.
| |
| | Rev 18:3 | Paske, li fč tout nasyon yo bwč nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latč yo lage kň yo nan dezňd ansanm avč li. Tout kňmčsan latč yo rich sou tčt li, pou kantite lajan li depanse nan banbňch.
| |
| | Rev 18:4 | Apre sa, mwen tande yon lňt vwa ki t'ap soti nan sičl la, li t'ap di: Nou menm pčp mwen, wete kň nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avč l' anba kalamite ki pral frape li yo.
| |
| | Rev 18:5 | Paske, peche l' yo fč pil sou pil rive jouk nan sičl la. Bondye chonje tou sa li fč ki mal.
| |
| | Rev 18:6 | Se pou n' aji avč l' menm jan li te aji avčk nou. Pou tou sa li fč yo, n'a peye l' de fwa lavalč. Plen gode l' ak yon gwňg de fwa pi fň pase sa l' te pare pou nou an.
| |
| | Rev 18:7 | Jan li fč lwanj tčt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fč l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kč l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pčdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.
| |
| | Rev 18:8 | Se poutčt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sčl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nčt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mčt ki gen pouvwa.
| |
| | Rev 18:9 | ś Tout wa latč ki te lage kň yo nan fč imoralite ak nan pran plezi avč l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sň lavil la, lč y'a wč lafimen dife k'ap boule l' la.
| |
| | Rev 18:10 | Y'a rete byen lwen tčlman yo pral pč l' y'a wč jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malč! Ala malč pou gwo lavil la! Ou menm Babilňn, lavil ki fň a, yon sčl moman kont pou peni ou!
| |
| | Rev 18:11 | Kňmčsan latč yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankň pou achte machandiz yo:
| |
| | Rev 18:12 | lň, ajan, bčl pič ki koute chč ak bčl grenn pčl, bčl twal fen, twal koulč violčt, twal koulč wouj, bčl swa, tout kalite bčl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fčt an ivwa, an bwa ki koute chč, an asie, an fč ak an mab,
| |
| | Rev 18:13 | kannčl, epis, odč, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bčf ak mouton, chwal ak bčl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.
| |
| | Rev 18:14 | Kňmčsan yo t'ap di lavil la: Tout bčl machandiz ou te vle genyen yo disparčt lakay ou. Ou pčdi tout richčs ou yo ak tout bčl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankň!
| |
| | Rev 18:15 | Kňmčsan ki te fin rich nan fč kňmčs nan lavil la va rete byen lwen, tčlman yo pral pč jan li pral soufri a. Y'a plenn sň li, y'a kriye,
| |
| | Rev 18:16 | y'a di: Gade yon malč! Ala malč pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulč violčt, twal fin koulč wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lň, ak bčl pič ki koute chč ak bčl grenn pčl!
| |
| | Rev 18:17 | Yon sčl moman kont pou l' te pčdi tout richčs sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmč, yo tout te rete byen lwen.
| |
| | Rev 18:18 | Lč yo wč lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lňt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!
| |
| | Rev 18:19 | Yo pran tč jete sou tčt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malč! Ala malč pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmč te fin rich ak richčs li yo. Nan yon sčl moman li pčdi tout sa l' te genyen!
| |
| | Rev 18:20 | Ou menm, sičl la, ou mčt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pčp Bondye a, apňt yo, pwofčt yo, nou mčt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fč nou.
| |
| | Rev 18:21 | Lč sa a, yon zanj ki te gwončg anpil pran yon wňch gwosč yon wňl moulen, li jete l' nan lanmč a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilňn lan atč ak fňs. Pesonn p'ap janm wč l' ankň.
| |
| | Rev 18:22 | Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fč okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankň.
| |
| | Rev 18:23 | Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankň. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankň. Kňmčsan ou yo, se yo ki te pi grannčg sou latč. Avčk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.
| |
| | Rev 18:24 | Yo peni Babilňn, paske se la yo te jwenn san pwofčt yo ak san pčp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latč.
| |