All NT OTBook
Compare Texts
Jude 1 Revelation 16

Revelation 17:1-18

Revelation 18

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rev 17:1
 
ś Lč sa a, yonn nan sčt zanj ki te kenbe sčt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fč ou wč ki jan yo pral peni gwo jennčs la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.  
 
Rev 17:2
 
Wa latč yo lage kň yo nan dezňd avč l': Tout moun ki rete sou latč te sou ak diven movčz vi li a.  
 
Rev 17:3
 
Nan vizyon an, mwen wč zanj lan pote m' ale nan yon dezč. La, mwen wč yon fanm ki te chita sou yon bčt tou wouj. Bčt la te gen sčt tčt ak dis kňn. Tout kň l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.  
 
Rev 17:4
 
Fanm lan te gen yon rad swa mňv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fčt an lň, ak pič tout koulč ansanm ak bčl grenn pčl. Li te kenbe nan men l' yon gode fčt an lň ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennčs li a.  
 
Rev 17:5
 
Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilňn, manman jennčs yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fčt sou latč.  
 
Rev 17:6
 
Mwen wč fanm lan te sou tčlman li te bwč san moun k'ap sčvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lč m' wč l', mwen te sezi anpil.  
 
Rev 17:7
 
ś Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrč, mwen pral fč ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bčt k'ap pňte l' la, bčt ki gen sčt tčt ak dis kňn lan.  
 
Rev 17:8
 
Bčt ou wč a te vivan yon lč. Koulye a li pa vivan ankň. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nčt. Moun ki rete sou latč ki pa t' gen non yo ekri depi lč Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lč y'a wč bčt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parčt ankň.  
 
Rev 17:9
 
Se koulye a pou moun fč wč yo gen lespri ak bon konprann. Sčt tčt yo, se sčt ti mňn kote fanm lan chita a. Se sčt wa tou yo ye.  
 
Rev 17:10
 
Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvčnen koulye a, dčnye a poko vini. Lč la vini, li p'ap la pou lontan.  
 
Rev 17:11
 
Bčt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witičm wa. Li fč yonn ak sčt premie yo, li pral fin pčdi tčt li nčt.  
 
Rev 17:12
 
Dis kňn ou wč yo, se dis lňt wa ki poko konmanse gouvčnen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvčnen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bčt la.  
 
Rev 17:13
 
Yo toulčdis gen menm lide nan tčt yo, y'ap renmčt pouvwa yo ak otorite yo bay bčt la.  
 
Rev 17:14
 
ś Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chčf tout chčf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avčk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fčm ak li.  
 
Rev 17:15
 
Zanj lan di m' ankň: Ou te wč jennčs la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pčp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang.  
 
Rev 17:16
 
Dis kňn ou te wč ansanm ak bčt la, yo pral rayi fanm movčz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.  
 
Rev 17:17
 
Bondye mete nan kč yo lide pou yo fč sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakň fč menm bagay, pou yo renmčt pouvwa yo kňm wa nan men bčt la, jouk tan pawňl Bondye yo va rive vre.  
 
Rev 17:18
 
Pou fini, fanm ou te wč a, sč gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latč yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Jude 1Revelation 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 Revelation 18
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards