| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Jo 4:1 | ś Mezanmi, nou pa bezwen kwč tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wč si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofčt ki gaye toupatou sou latč a.
| |
| | 1Jo 4:2 | Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a.
| |
| | 1Jo 4:3 | Men, si yon moun refize rekončt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.
| |
| | 1Jo 4:4 | ś Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofčt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.
| |
| | 1Jo 4:5 | Lč y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn.
| |
| | 1Jo 4:6 | Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lč n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
| |
| | 1Jo 4:7 | ś Mezanmi, se pou nou yonn renmen lňt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kč yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
| |
| | 1Jo 4:8 | Moun ki pa gen renmen nan kč yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
| |
| | 1Jo 4:9 | Men ki jan Bondye fč nou wč jan li renmen nou. Li te voye sčl pitit li a sou latč pou l' te ka ban nou lavi.
| |
| | 1Jo 4:10 | Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
| |
| | 1Jo 4:11 | Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lňt.
| |
| | 1Jo 4:12 | Pesonn pa janm wč Bondye. Men, si nou yonn renmen lňt, Bondye fč yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.
| |
| | 1Jo 4:13 | Nou konnen nou fč yonn ak Bondye, Bondye fč yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.
| |
| | 1Jo 4:14 | ś Nou menm, n'ap di sa nou te wč. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.
| |
| | 1Jo 4:15 | Moun ki rekončt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fč yonn ak yo, yo fč yonn ak Bondye.
| |
| | 1Jo 4:16 | Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwč se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kč yo, yo fč yonn ak Bondye, Bondye fč yonn ak yo.
| |
| | 1Jo 4:17 | ś Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lč kč nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.
| |
| | 1Jo 4:18 | Kote ki gen renmen, pa gen kč kase. Okontrč, lč nou renmen tout bon, si kč nou te kase, li pa kase ankň. Konsa, yon moun ki pč toujou, li poko fin renmen nčt. Paske si ou pč, se paske ou pč chatiman.
| |
| | 1Jo 4:19 | Pou nou menm, nou gen renmen nan kč nou, paske Bondye te renmen nou anvan.
| |
| | 1Jo 4:20 | Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frč l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frč l', yon moun li ka wč, li pa ka renmen Bondye li pa ka wč a.
| |
| | 1Jo 4:21 | Se sak fč, men kňmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fčt pou renmen frč yo tou.
| |