All NT OTBook
Compare Texts
1 Peter 1 2 Peter 2

2 Peter 3:1-18

1 John 1 1 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Pe 3:1
 
ś Frč m' yo, sa fč dezyčm lčt m'ap ekri nou. Nan tou de lčt yo mwen te vle fč nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dňmi, pou n' te ka gen bon lide nan tčt nou.  
 
2Pe 3:2
 
Se pou n' toujou chonje sa pwofčt Bondye yo te di nou depi lontan. Toujou chonje kňmandman Seyč ki delivrans nou an. Se kňmandman sa yo apňt yo te moutre nou.  
 
2Pe 3:3
 
ś Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lč dčnye jou yo va rive, gen moun ki pou parčt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.  
 
2Pe 3:4
 
Y'a di: Kote pwomčs li te fč nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansčt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lč latč te fčk kreye.  
 
2Pe 3:5
 
Men, moun sa yo, lč y'ap pale konsa, yo fč espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fč syčl la. Se li ki te fč tč a soti nan dlo a, se li ki te fč dlo a fč tč a.  
 
2Pe 3:6
 
Se li ki te fč dlo a moute kouvri latč nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay.  
 
2Pe 3:7
 
Dapre menm pawňl Bondye a, syčl la ak tč a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lč tout mechan yo va disparčt.  
 
2Pe 3:8
 
ś Men nou menm, frč m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou.  
 
2Pe 3:9
 
ś Seyč a pa pran twňp reta pou kenbe pwomčs li yo, jan kčk moun kwč a. Okontrč, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.  
 
2Pe 3:10
 
Men, jou Seyč a ap vini sou nou tankou yon vňlň nan mitan lannwit. Lč sa a, syčl la pral disparčt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nčt. Latč ak dčnye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann.  
 
2Pe 3:11
 
ś Si tout bagay gen pou disparčt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sčvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.  
 
2Pe 3:12
 
Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fč sa nou kapab pou nou fč l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syčl la pral disparčt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.  
 
2Pe 3:13
 
Men nou menm, n'ap tann lňt syčl ak lňt tč Bondye te pwomčt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fčt.  
 
2Pe 3:14
 
Se poutčt sa, frč m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fč sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kč poze, san okenn fňt, ni okenn defo.  
 
2Pe 3:15
 
Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifč Seyč a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frč Pňl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a.  
 
2Pe 3:16
 
Nan tout lčt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kčk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fčb nan konfyans Bondye yo ap tňde sans pawňl yo, tankou yo fč l' pou lňt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pčdi yo.  
 
2Pe 3:17
 
Se poutčt sa, frč mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avčti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pčdi pozisyon kote nou kanpe fčm lan.  
 
2Pe 3:18
 
Okontrč, se pou nou grandi nan favč ak konesans Jezikri, Seyč nou ak Sovč nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amčn.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Peter 12 Peter 21 2 3 1 John 11 John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards