All NT OTBook
Compare Texts
James 1 1 Peter 4

1 Peter 5:1-14

2 Peter 1 2 Peter 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Pe 5:1
 
ś Mwen menm ki yon chčf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chčf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wč jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bčl pouvwa Bondye ki gen pou parčt la.  
 
1Pe 5:2
 
Men sa m'ap di nou: Tankou gadň, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fč sa tankou si se fňse y'ap fňse nou. Men, fč l' paske nou vle fč sa Bondye vle. Pa fč travay la tankou si se dčyč lajan nou ye. Men, fč l' ak tout kč nou.  
 
1Pe 5:3
 
Pa fč menm jan ak chčf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrč, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.  
 
1Pe 5:4
 
Konsa, lč gran gadň a va parčt, n'a resevwa yon kouwňn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.  
 
1Pe 5:5
 
ś Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumčt devan chčf reskonsab yo. Nan tout rapň nou yonn ak lňt, se pou nou soumčt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lňgčy. Men, moun ki soumčt devan l', li ba yo favč li.  
 
1Pe 5:6
 
Se poutčt sa, soumčt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lč pou l' leve nou an.  
 
1Pe 5:7
 
Lage tout tčt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.  
 
1Pe 5:8
 
ś Kenbe tčt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lčnmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.  
 
1Pe 5:9
 
Kanpe fčm nan konfyans nou, kenbe tčt avč l', paske nou konnen lňt frč nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.  
 
1Pe 5:10
 
ś Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nčt, la kenbe nou fčm, la ban nou fňs, l'ap fč nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favč. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.  
 
1Pe 5:11
 
Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amčn.  
 
1Pe 5:12
 
Se avčk konkou frč Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lčt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fč nou konnen jan favč Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fčm nan li.  
 
1Pe 5:13
 
Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilňn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.  
 
1Pe 5:14
 
Bň pa nou, yonn di lňt bonjou pou mwen, yonn bo lňt tankou frč ak frč. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kč poze.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
James 11 Peter 41 2 3 4 5 2 Peter 12 Peter 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards