All NT OTBook
Compare Texts
James 1 1 Peter 1

1 Peter 2:1-25

1 Peter 3 2 Peter 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Pe 2:1
 
ś Se poutčt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fč ipokrizi, sispann fč jalouzi ak tripotaj.  
 
1Pe 2:2
 
Tankou timoun ki fenk fčt, se pou nou kriye dčyč bon lčt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nčt.  
 
1Pe 2:3
 
Paske, nou deja goute Mčt la, nou wč jan li bon.  
 
1Pe 2:4
 
ś Pwoche vin jwenn Seyč a, li menm ki wňch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valč. Men, li gen anpil valč pou Bondye ki te chwazi li.  
 
1Pe 2:5
 
Nou menm tou, tankou wňch vivan, kite Bondye sčvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sčvi l' tankou prčt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kč nou, ofrann ki pou fč l' plezi.  
 
1Pe 2:6
 
Se poutčt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wňch nan mitan peyi Siyon, yon wňch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valč. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.  
 
1Pe 2:7
 
Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wňch la, wňch la gen anpil valč. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wňch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wňch ki kenbe kay la.  
 
1Pe 2:8
 
Se yon wňch k'ap fč moun bite, yon gwo wňch k'ap fč yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawňl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.  
 
1Pe 2:9
 
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prčt k'ap sčvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pčp li achte. Li fč tou sa pou n' te ka fč tout moun konnen bčl bagay Bondye te fč yo, Bondye ki rele nou soti nan fčnwa a pou nou antre nan bčl limyč li a.  
 
1Pe 2:10
 
Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pčp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.  
 
1Pe 2:11
 
Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latč: Se pou nou kenbe tčt ak tout egzijans lachč a k'ap goumen kont nanm nou.  
 
1Pe 2:12
 
Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lč y'ap pale nou mal, lč y'ap di se yon bann malfektč nou ye, y'a gen pou yo rekončt tout byen n'ap fč a, y'a fč lwanj Bondye lč la vin jije yo.  
 
1Pe 2:13
 
ś Soumčt devan tout otorite lčzňm etabli. Fč sa pou Bondye. Soumčt devan wa a, paske se li ki pi gwo chčf.  
 
1Pe 2:14
 
Soumčt devan majistra yo, paske wa a voye yo pou peni tout moun k'ap fč mal, pou fč lwanj tout moun k'ap fč byen.  
 
1Pe 2:15
 
Paske, Bondye vle pou n' fč sa ki byen, pou n' ka fčmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann.  
 
1Pe 2:16
 
Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libčte yo. Men, nou pa dwe pran libčte sa a sčvi yon kouvčti pou nou fč sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sčvi Bondye.  
 
1Pe 2:17
 
Se pou nou bay chak moun respč li merite. renmen tout frč nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.  
 
1Pe 2:18
 
Nou menm domestik yo, nou fčt pou soumčt devan mčt nou yo avčk tout respč yo merite. Pa sčlman devan mčt ki bon yo, mčt ki gen bon kč yo, men devan mčt ki gen karaktč difisil yo tou.  
 
1Pe 2:19
 
Bondye va beni nou, si, lč y'ap fč nou soufri pou sa nou pa fč, nou sipňte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle.  
 
1Pe 2:20
 
Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipňte lč y'ap maltrete nou pou sa nou fč ki mal? Men, si lč nou fč byen, nou sipňte tou sa y'ap fč nou soufri poutčt byen nou fč a, sa se yon bčl bagay devan Bondye.  
 
1Pe 2:21
 
Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.  
 
1Pe 2:22
 
Li pa t' janm fč ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li.  
 
1Pe 2:23
 
Lč yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lč yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmčt kňz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.  
 
1Pe 2:24
 
Kris la te pote peche nou yo nan kň li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou.  
 
1Pe 2:25
 
Nou te tankou mouton ki te pčdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadň nou, k'ap veye sou nanm nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
James 11 Peter 11 2 3 4 5 1 Peter 32 Peter 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards