All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 8

Joshua 9:1-27

Joshua 10 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 9:1
 
ś Nouvčl bagay sa yo rive nan zňrčy tout wa ki t'ap gouvčnen lňt bň larivyč Jouden an sou solčy kouche, nan mňn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmč Mediterane a, jouk peyi Liban sou bň nň. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo.  
 
Jos 9:2
 
Yo tout yo mete tčt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pčp Izrayčl la.  
 
Jos 9:3
 
ś Lč moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fč moun Jeriko yo ak moun Ayi yo,  
 
Jos 9:4
 
yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fč pwovizyon, yo chaje bourik yo avčk yon bann vye sak ak veso fčt ak po bčt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kň yo. Moun Gabawon yo pati.  
 
Jos 9:5
 
Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyčt moso, yo pote pou manje yo.  
 
Jos 9:6
 
Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pčp Izrayčl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lňt non!  
 
Jos 9:7
 
Men, mesye pčp Izrayčl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou?  
 
Jos 9:8
 
Moun Evi yo di Jozye: -Se sčvi nou vin sčvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bň nou soti?  
 
Jos 9:9
 
Yo reponn li: -Mčt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyč a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvčl tou sa li fč nan peyi Lejip,  
 
Jos 9:10
 
ak tou sa li fč de wa moun Amori yo ki t'ap gouvčnen lňt bň larivyč Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawňt.  
 
Jos 9:11
 
Lč sa a, chčf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fč pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sčvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou.  
 
Jos 9:12
 
Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, koulye a, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyčt.  
 
Jos 9:13
 
Lč nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nčf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tčlman nou mache anpil.  
 
Jos 9:14
 
Chčf pčp Izrayčl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyč a sa li di nan sa.  
 
Jos 9:15
 
ś Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lňt, li fč kontra ak yo pou li pa touye yo. Chčf pčp Izrayčl yo fč sčman yo p'ap fč yo anyen.  
 
Jos 9:16
 
Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pčp Izrayčl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayčl la.  
 
Jos 9:17
 
Moun pčp Izrayčl yo leve, yo pati dčyč yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewňt ak Keryat-Jearim.  
 
Jos 9:18
 
Men, moun pčp Izrayčl yo pa t' ka touye yo, paske chčf moun Izrayčl yo te fč sčman ba yo nan non Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, yo p'ap fč yo anyen. Lč sa a, tout pčp Izrayčl la t'ap bougonnen sou do chčf yo pou sa.  
 
Jos 9:19
 
Men, chčf yo reyini tout moun, yo di yo: -Depi nou fč sčman ba yo nan non Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, nou pa gen dwa manyen yo.  
 
Jos 9:20
 
Konsa, poutčt sčman nou te fč a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fč yo anyen, Bondye va pini nou.  
 
Jos 9:21
 
Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chčf yo te di a.  
 
Jos 9:22
 
ś Jozye fč chache moun Gabawon yo, li mande yo: -Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun.  
 
Jos 9:23
 
Poutčt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sčvi nou domestik. Depi jňdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an.  
 
Jos 9:24
 
Yo reponn: -Mčt, nou te fč sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, te bay Moyiz, sčvitč l' la, lňd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pčp ki rete ladan l' pou fč plas pou yo. Konsa, lč nou vin konnen nou t'ap pwoche bň kote nou rete a, nou te pč anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fč nou te fč sa.  
 
Jos 9:25
 
Koulye a, nou nan men ou! W'a fč sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fč l' la.  
 
Jos 9:26
 
Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pčp Izrayčl yo, li pa kite yo touye yo.  
 
Jos 9:27
 
Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pčp Izrayčl la ak pou lotčl Seyč a. Jouk jňdi a, se sa y'ap fč tout kote Seyč a chwazi pou yo adore l' la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 10Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards