All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 6

Joshua 7:1-26

Joshua 8 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 7:1
 
ś Men, pčp Izrayčl la te dezobeyi lňd Seyč a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nčt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichňy nan sa yo te gen pou yo detwi nčt yo. Kifč Seyč a te move anpil sou pčp Izrayčl la.  
 
Jos 7:2
 
Jozye te voye kčk moun soti lavil Jeriko ale bň Ayi, yon lavil ki te toupre Bčt Avenn, sou bň solčy leve lavil Betčl. Li te di yo pou y' al wč jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wč jan sa ye nan lavil Ayi.  
 
Jos 7:3
 
Lč yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: -Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la.  
 
Jos 7:4
 
Lč sa a, yo chwazi twamil sňlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fč yo kraze rak.  
 
Jos 7:5
 
Yo kouri dčyč sňlda pčp Izrayčl yo depi devan pňtay lavil la jouk nan men wňch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sňlda pčp Izrayčl yo. Lč sa a, pčp Izrayčl la soti pč. Yo pčdi kouraj.  
 
Jos 7:6
 
ś Jozye te sitčlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tčt jouk atč devan Bwat Kontra Seyč a. Li rete konsa jouk aswč ansanm ak tout chčf fanmi pčp Izrayčl yo, yo pran pousyč tč yo mete sou tčt yo pou fč wč jan yo te nan lapenn.  
 
Jos 7:7
 
Epi Jozye di: -Ay, Seyč Bondye! Poukisa ou fč pčp la janbe lňt bň larivyč Jouden an? Gen lč se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lňt bň larivyč Jouden an!  
 
Jos 7:8
 
Tanpri, Mčt mwen! Kisa m' ka di koulye a lč m' wč moun Izrayčl yo ap kouri devan lčnmi l' yo?  
 
Jos 7:9
 
Moun Kanaran yo ak tout lňt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dčyč nou. Yo pral touye nou nčt nan peyi a. Kisa ou pral fč lč sa a pou yo pa avili non ou?  
 
Jos 7:10
 
ś Seyč a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kň ou atč konsa?  
 
Jos 7:11
 
Se paske pčp Izrayčl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lňd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vňlň yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafč pa yo.  
 
Jos 7:12
 
Se poutčt sa, pčp Izrayčl la p'ap ka kanpe devan lčnmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lčnmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avčk yo ankň, si bagay mwen te ban nou lňd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.  
 
Jos 7:13
 
Leve non! Fč sčvis pou mete pčp la nan kondisyon pou sčvi m'. W'a di yo pou yo pare kň yo pou yo ka nan kondisyon fč sčvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pčp Izrayčl la, men sa mwen di: Nou menm pčp Izrayčl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lňd detwi. Nou p'ap ka kenbe tčt ak lčnmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.  
 
Jos 7:14
 
Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyč a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyč a va denonse a, chčf fanmi yo va pwoche yonn apre lňt avčk moun pa yo. Chčf fanmi Seyč a va denonse a va fč moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn.  
 
Jos 7:15
 
Moun y'a jwenn avčk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyč a te pase ak pčp la. Se yon gwo wont pou tout pčp Izrayčl la.  
 
Jos 7:16
 
ś Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonč, li fč tout pčp Izrayčl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyč a te denonse.  
 
Jos 7:17
 
Li fč fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lňt. Se fanmi Zerak la Seyč a te denonse. Li fč tout chčf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lňt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyč a te denonse.  
 
Jos 7:18
 
Zabdi fč tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyč a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fč pati branch fanmi Jida a.  
 
Jos 7:19
 
Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fč lwanj Seyč a! Moutre ou gen respe pou Bondye pčp Izrayčl la! Koulye a, di m' kisa ou fč. Pa kache m' anyen.  
 
Jos 7:20
 
Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la. Men sa m' fč.  
 
Jos 7:21
 
Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wč yon bčl manto ki te soti lavil Babilňn, desan (200) pyčs an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lň ki te peze de liv. Mwen te sitčlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avčk pyčs ajan yo anba nčt.  
 
Jos 7:22
 
Jozye voye kčk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avčk pyčs ajan yo anba nčt.  
 
Jos 7:23
 
Yo pran yo, yo soti avčk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pčp Izrayčl la. Yo mete yo atč devan Seyč a.  
 
Jos 7:24
 
Jozye, ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo, pran Akan, pyčs ajan yo, manto a, moso lň a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bčlfi li yo, bčf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lňt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malč.  
 
Jos 7:25
 
Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malč sa a sou tčt nou? Jňdi a, Seyč a pral fč malč tonbe sou ou! Epi tout moun pčp Izrayčl yo pran wňch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bčt li yo ak koutwňch.  
 
Jos 7:26
 
Yo mete yon gwo pil wňch sou yo. Gwo pil wňch sa a la jouk jňdi a. Se poutčt sa, jouk jňdi a, yo rele kote sa a Fon Malč. Se konsa Seyč a te sispann move sou pčp la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 8Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards