All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 3

Joshua 4:1-24

Joshua 5 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 4:1
 
ś Lč tout moun fin janbe lňt bň larivyč Jouden an, Seyč a pale ak Jozye. Li di l' konsa:  
 
Jos 4:2
 
-Chwazi douzňm, yonn nan chak branch fanmi yo.  
 
Jos 4:3
 
W'a ba yo lňd pou yo chak pran yon wňch nan mitan larivyč Jouden an, kote prčt yo te kanpe a. Y'a pran douz wňch sa yo, y'a pote yo lňt bň larivyč a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswč a.  
 
Jos 4:4
 
Lč sa a, Jozye fč rele douz mesye li te chwazi pami moun pčp Izrayčl yo, yonn pou chak branch fanmi yo.  
 
Jos 4:5
 
Epi li di yo: -Ale devan Bwat Kontra Seyč a, Bondye nou an, ki nan mitan larivyč a. Chak moun va pran yon wňch mete sou zepňl yo, yonn pou chak branch fanmi pčp Izrayčl la.  
 
Jos 4:6
 
Wňch sa yo va sčvi pou fč pčp la chonje sa Seyč a te fč pou yo. Denmen, lč pitit nou yo va mande nou kisa wňch sa yo vle di pou nou,  
 
Jos 4:7
 
n'a reponn yo: Dlo larivyč Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyč a. Wňch sa yo la pou pčp Izrayčl la ka toujou chonje dlo larivyč Jouden an te sispann koule lč yo t'ap janbe lňt bň larivyč a.  
 
Jos 4:8
 
Mesye yo fč sa Jozye te ba yo lňd fč a. Jan Seyč a te di Jozye, yo pran douz wňch nan mitan larivyč Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pčp Izrayčl la, yo pote yo avčk yo lňt bň rivyč a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan.  
 
Jos 4:9
 
Apre sa, Jozye pran douz lňt wňch, li mete yo kanpe nan mitan larivyč a, kote prčt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wňch yo la jouk koulye a.  
 
Jos 4:10
 
ś Prčt yo te rete kanpe avčk Bwat Kontra a sou zepňl yo, nan mitan larivyč a jouk yo fin fč tout sa Seyč a te bay lňd pou pčp la te fč, jan Moyiz te mande pou Jozye fč l' la. Se konsa, pčp la prese janbe lňt bň larivyč a.  
 
Jos 4:11
 
Lč yo tout fin pase, prčt yo fč rčs travčse a ak Bwat Kontra Seyč a, epi yo pran devan pčp la ankň.  
 
Jos 4:12
 
Premye moun ki te janbe lňt bňt larivyč a, devan tout pčp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fč lagč.  
 
Jos 4:13
 
Jou sa a, te gen antou karantmil (40.000) gason tou pare pou fč lagč ki te janbe al nan plenn Jeriko yo, devan je Seyč a.  
 
Jos 4:14
 
Sa Seyč a te fč jou sa a te fč tout pčp Izrayčl la pran Jozye pou yon grannčg vre. Depi lč sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.  
 
Jos 4:15
 
Apre sa, Seyč a pale ak Jozye, li di l' konsa:  
 
Jos 4:16
 
-Bay prčt k'ap pote Bwat Kontra a lňd pou yo soti nan larivyč Jouden an.  
 
Jos 4:17
 
Jozye pale ak prčt yo, li ba yo lňd sa a: -Moute soti nan larivyč Jouden an.  
 
Jos 4:18
 
Soti prčt yo soti nan larivyč a, lč pye yo touche tč sčk sou rivaj la, dlo larivyč a konmanse koule ankň jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.  
 
Jos 4:19
 
Jou pčp la te janbe lňt bň larivyč Jouden an, se te dizyčm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bň solčy leve lavil Jeriko.  
 
Jos 4:20
 
ś Se la Jozye pran douz wňch yo te pran nan mitan larivyč Jouden an, li mete yo kanpe fč yon wonn.  
 
Jos 4:21
 
Lč l' fini, li di moun pčp Izrayčl yo konsa: -Denmen, lč pitit nou yo va mande papa yo poukisa wňch sa yo la a,  
 
Jos 4:22
 
n'a fč pitit nou yo konnen pčp Izrayčl la te janbe lňt bň larivyč Jouden an san pye yo pa t' mouye.  
 
Jos 4:23
 
Paske Seyč a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyč Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmč Wouj la devan zansčt nou yo jouk yo tout te fin pase.  
 
Jos 4:24
 
Se poutčt sa, tout moun sou latč va konnen jan Seyč a gen pouvwa, lčfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyč a, Bondye nou an.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 31 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 5Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards