All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 20

Joshua 21:1-45

Joshua 22 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 21:1
 
ś Chčf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prčt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chčf tout lňt branch fanmi pčp Izrayčl la.  
 
Jos 21:2
 
Lč sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chčf fanmi Levi yo di yo: -Seyč a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lňd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bčt nou yo jwenn manje.  
 
Jos 21:3
 
Se konsa, moun pčp Izrayčl yo chwazi kčk lavil ak tout savann pou bčt nan pwňp pňsyon tč pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyč a te bay lňd la.  
 
Jos 21:4
 
Yo tire osň. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trčz lavil nan pňsyon tč ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prčt la, yo ye.  
 
Jos 21:5
 
Apre sa, yo pran dis lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lňt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa.  
 
Jos 21:6
 
Lčfini, yo pran trčz lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asč, branch fanmi Neftali ak lňt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gčchon yo, chak fanmi pa yo apa.  
 
Jos 21:7
 
Yo pran douz lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa.  
 
Jos 21:8
 
Se konsa moun pčp Izrayčl yo te tire osň pou Seyč a te ka fč yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyč a te bay Moyiz lňd pou yo fč a.  
 
Jos 21:9
 
ś Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pňsyon tč pa yo.  
 
Jos 21:10
 
Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo.  
 
Jos 21:11
 
Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mňn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo.  
 
Jos 21:12
 
Men, yo pran tout jaden ki te andeyň lavil la ak tout ti bouk ki te sou lňd li yo, yo bay Kalčb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'.  
 
Jos 21:13
 
Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prčt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bčt li yo,  
 
Jos 21:14
 
lavil Jati, lavil Echtemoa,  
 
Jos 21:15
 
lavil Olňn, lavil Debi,  
 
Jos 21:16
 
lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bčt-Chemčch, ansanm ak tout savann pou bčt yo: Sa te fč nčf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo.  
 
Jos 21:17
 
Nan pňsyon tč pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bčt yo,  
 
Jos 21:18
 
lavil Anatňt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bčt yo. Sa te fč kat lavil.  
 
Jos 21:19
 
Antou yo te pran trčz lavil ak tout savann pou bčt yo bay prčt yo, moun fanmi Arawon yo.  
 
Jos 21:20
 
Lňt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankň jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pňsyon tč yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo.  
 
Jos 21:21
 
Yo te ba yo yon lavil nan mňn peyi Efrayim, lavil Sichčm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bčt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezč,  
 
Jos 21:22
 
lavil Kibsayim, lavil Bčtowon ansanm ak tout savann pou bčt yo. Sa te fč kat lavil sou tč moun branch fanmi Efrayim yo.  
 
Jos 21:23
 
Nan pňsyon tč moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton,  
 
Jos 21:24
 
lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:25
 
Nan pňsyon tč pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:26
 
Antou yo te bay rčs moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:27
 
Pou moun Levi nan branch fanmi Gčchon yo, yo pran de lavil sou tč ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:28
 
Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tč ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera,  
 
Jos 21:29
 
lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:30
 
Yo pran kat lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Asč a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon,  
 
Jos 21:31
 
lavil Elkat, lavil Reyňb ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:32
 
Yo pran twa lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Nčftali a ba yo tou. Se te lavil Kadčs nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dň, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:33
 
Sa te fč antou trčz lavil ansanm ak tout savann pou bčt yo te bay moun fanmi Gčchon yo.  
 
Jos 21:34
 
Pou rčs moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata,  
 
Jos 21:35
 
lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:36
 
Apre sa, yo pran kat lavil nan pňsyon tč lňt bň larivyč Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezč, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezč sou platon an, lavil Jatsa,  
 
Jos 21:37
 
lavil Kedemňt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:38
 
Yo ba yo kat lňt lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramňt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,  
 
Jos 21:39
 
lavil Esbon, lavil Jazč ansanm ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:40
 
Antou sa te fč douz lavil ki te vin pou rčs moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.  
 
Jos 21:41
 
Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bčt nan mitan tč ki te pou moun Izrayčl yo, yo bay moun Levi yo.  
 
Jos 21:42
 
Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bčt yo.  
 
Jos 21:43
 
ś Se konsa, Seyč a te bay pčp Izrayčl la peyi li te pwomčt li t'ap bay zansčt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.  
 
Jos 21:44
 
Seyč a te fč yo gen lapč sou tout fwontyč yo, jan li te pwomčt zansčt yo. Ankenn lčnmi pa t' resi kenbe tčt ak yo. Seyč a te lage tout lčnmi yo nan men yo.  
 
Jos 21:45
 
Seyč a te kenbe dčnye pwomčs li te fč pčp Izrayčl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomčt la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 201 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 22Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards