All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 1

Joshua 2:1-24

Joshua 3 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 2:1
 
ś Lč sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nčg an kachčt al wč jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennčs ki te rele Rarab. Se la yo desann.  
 
Jos 2:2
 
Men, nouvčl la tonbe nan zňrčy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kčk moun nan pčp Izrayčl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.  
 
Jos 2:3
 
Lč wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fčt nan peyi a, tande! Mete yo deyň lakay ou.  
 
Jos 2:4
 
Men, fanm lan menm pa fč ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kčk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bň yo soti.  
 
Jos 2:5
 
Men, lč yo tapral fčmen pňtay la apre solčy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fč wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fč. Si nou fč vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.  
 
Jos 2:6
 
Men madanm lan te fč de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakčt kňs bwa ki te blayi atč sou teras la pou yo cheche.  
 
Jos 2:7
 
Sňlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyč Jouden an, yo pati dčyč mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sňlda yo soti, yo fčmen pňtay la.  
 
Jos 2:8
 
ś Anvan mesye yo gen tan dňmi, Rarab moute bň kote yo, sou teras la.  
 
Jos 2:9
 
Li di yo: -Mwen konnen Seyč a lage peyi a nan men nou. Mwen rekončt tout moun pč nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fč devan nou.  
 
Jos 2:10
 
Paske, nou tande ki jan Seyč a te cheche dlo Lanmč Wouj la devan nou lč nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fč Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lňt bň larivyč Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyč a.  
 
Jos 2:11
 
Lč nou tande sa, kč nou fann. Tout moun pčdi kouraj lč yo wč nou, paske Seyč a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syčl la ak sou latč a.  
 
Jos 2:12
 
Koulye a, m'ap mande nou pou nou fč sčman devan Seyč a pou nou pwomčt n'ap aji byen avčk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avčk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fč pou mwen.  
 
Jos 2:13
 
Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frč m' yo ak sč m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.  
 
Jos 2:14
 
Mesye yo reponn li. -Nou pwomčt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fč isit la, lč Seyč a va ban nou peyi a, n'a aji byen avč ou, n'a kenbe pawňl nou.  
 
Jos 2:15
 
Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kňd desann nan fennčt lakay li a, li fč mesye yo desann sou deyň.  
 
Jos 2:16
 
Li di yo: -Ale nan mňn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dčyč nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mčt al fč wout nou.  
 
Jos 2:17
 
Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomčs ou te fč nou fč ou la.  
 
Jos 2:18
 
Tande byen. Lč n'a anvayi peyi a, w'a mare kňdon wouj sa a nan fennčt kote ou fč nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frč ou yo ak tout lňt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fč yo reyini lakay ou.  
 
Jos 2:19
 
Lč sa a, nenpňt kilčs ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fňt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fňt pa nou.  
 
Jos 2:20
 
Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fč a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomčs nou te fč ou la ankň.  
 
Jos 2:21
 
Fanm lan di yo: -Mwen dakň ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kňdon wouj la, li mare l' nan fennčt la.  
 
Jos 2:22
 
ś De mesye yo menm ale, yo rive nan mňn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dčyč yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.  
 
Jos 2:23
 
Lč sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mňn yo, yo janbe larivyč Jouden an, y' al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l' tou sa ki te rive yo.  
 
Jos 2:24
 
Yo di l' konsa: -Seyč a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tčlman yo pč nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 3Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards