All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 17

Joshua 18:1-28

Joshua 19 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 18:1
 
ś Lč yo fin soumčt tout peyi a, tout moun pčp Izrayčl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.  
 
Jos 18:2
 
ś Men, te gen sčt branch fanmi nan pčp Izrayčl la ki pa t' ankň resevwa pňsyon pa yo nan tč a.  
 
Jos 18:3
 
Lč sa a, Jozye di yo: -Kisa n'ap tann pou n' al pran peyi Seyč a, Bondye zansčt nou yo, ban nou an?  
 
Jos 18:4
 
Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pňsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen.  
 
Jos 18:5
 
Y'a separe rčs peyi a an sčt pňsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tč pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozčf yo va rete sou pňsyon tč pa yo tou nan nň.  
 
Jos 18:6
 
N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rčs peyi a an sčt pňsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osň pou nou devan Seyč a, Bondye nou an.  
 
Jos 18:7
 
Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pňsyon nan tč a tankou lňt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fč se sčvi pou yo sčvi prčt pou Seyč a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pňsyon pa yo lňt bň larivyč Jouden, sou bň solčy leve, jan Moyiz, sčvitč Bondye, te ba yo l' la.  
 
Jos 18:8
 
Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lňd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wč l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osň pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyč a.  
 
Jos 18:9
 
Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fč sčt pňsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l' bay Jozye nan kan Silo a.  
 
Jos 18:10
 
Lč sa a, Jozye tire osň pou yo devan Seyč a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pčp Izrayčl yo. Li bay chak moun pňsyon ki vin pou yo.  
 
Jos 18:11
 
ś Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pňsyon tč ki nan mitan an, pňsyon tč moun Jida yo yon bň ak pňsyon tč moun Jozčf yo yon lňt bň.  
 
Jos 18:12
 
Sou bň nň, lizyč yo a te konmanse larivyč Jouden, li moute flan nň mňn Jeriko a, li rale moute sou mňn yo nan direksyon solčy kouche, jouk li rive nan dezč Bčt avenn lan.  
 
Jos 18:13
 
Apre sa, li pase lavil Louz, sou bň sid bit Louz la kote yo rele jouk jňdi a Betčl. Li desann Atawňt ada, sou mňn ki sou bň sid lavil Bčtowon an.  
 
Jos 18:14
 
Lizyč a fč yon koub, li vire kite direksyon lwčs, li pran direksyon sid, depi sou mňn ki anfas Bčtowon an sou bň sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jňdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pňsyon pa moun Benjamen yo sou bň solčy kouche.  
 
Jos 18:15
 
Men limit yo sou bň sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bň Gachen, li pran direksyon lwčs, li parčt bň sous dlo Neftoa yo.  
 
Jos 18:16
 
Apre sa, li rive jouk bň mňn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bň nň plenn Refayim yo. Li pran pant mňn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogčl.  
 
Jos 18:17
 
Apre sa, li fč yon koub li vire sou nan nň, li pase Anchemčch. Apre sa, li rive Gelilňt anfas pas Adoumim. Li desann bň Wňch Boan. Boan sa a te pitit Woubenn.  
 
Jos 18:18
 
Apre sa, li pase sou flan nň mňn Neta araba, li desann nan fon Jouden an.  
 
Jos 18:19
 
Li rive sou flan nň mňn Bčt-Ogla. L' al bout nan pwent nň lanmč Mouri a, nan bout sid larivyč Jouden an. Se sa ki te limit sid yo.  
 
Jos 18:20
 
Sou bň solčy leve, larivyč Jouden an te sčvi yo baliz. Men limit pňsyon tč yo te bay moun Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.  
 
Jos 18:21
 
Men non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bčt-Ogla, Emčkkesis,  
 
Jos 18:22
 
Bčt arara, Semarayim, Betčl,  
 
Jos 18:23
 
Avim, Para, Ofra,  
 
Jos 18:24
 
Kefa amoni, Ofni, Geba. Sa te fč antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lňd yo.  
 
Jos 18:25
 
Te gen tou Gabawon, Rama, Beewňt,  
 
Jos 18:26
 
Mizpe, Kefira, Mosa,  
 
Jos 18:27
 
Rekčm, Jipeyčl, Tareala,  
 
Jos 18:28
 
Sela-Elčf, Jebis ki vle di Jerizalčm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fč antou katňz lavil ak tout ti bouk ki sou lňd yo. Men pňsyon tč yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 19Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards