All NT OTBook
Compare Texts
Deuteronomy 1 Joshua 16

Joshua 17:1-18

Joshua 18 Judges 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jos 17:1
 
ś Manase te premye pitit gason Jozčf. Se konsa yon pňsyon nan tč a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sňlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.  
 
Jos 17:2
 
Apre sa, yo bay fanmi lňt pitit Manase yo yon pňsyon nan tč a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pňsyon pou pitit Abyezč yo, yon pňsyon pou pitit Elčk yo, yon pňsyon pou pitit Asriyčl yo, yon pňsyon pou pitit Sichčm yo, yon pňsyon pou pitit Efč yo, yon lňt pňsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozčf la.  
 
Jos 17:3
 
Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efč. Efč sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fč. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza.  
 
Jos 17:4
 
Yo vin jwenn Eleaza, prčt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chčf yo. Yo di yo konsa: -Seyč a te bay Moyiz lňd pou l' te ban nou yon pňsyon nan tč a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyč a te bay lňd la, yo ba yo yon pňsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo.  
 
Jos 17:5
 
Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pňsyon tč, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lňt bň larivyč Jouden an,  
 
Jos 17:6
 
paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pňsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lňt pitit Manase yo.  
 
Jos 17:7
 
ś Men limit tč yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bň tč moun Asč yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichčm, sou bň solčy leve. Li vire desann bň sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.  
 
Jos 17:8
 
Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyč a te pou moun Efrayim yo.  
 
Jos 17:9
 
Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bň nň ravin lan epi l' al bout nan lanmč. Tout lavil ki te sou bň sid ravin lan, atout yo te nan mitan tč moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye.  
 
Jos 17:10
 
Moun Efrayim yo te anba sou bň sid, moun Manase yo te anwo sou bň nň, avčk lanmč Mediterane a sou bň solčy kouche. Pňsyon tč yo a te rive sou lizyč tč moun Asč yo sou bň nň ak lizyč tč moun Isaka yo sou bň lčs.  
 
Jos 17:11
 
Nan mitan pňsyon tč ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asč yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bčt-Chean ak tout ti bouk ki sou lňd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dň ki bň lanmč a, lavil Andň, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lňd yo.  
 
Jos 17:12
 
Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyň. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a.  
 
Jos 17:13
 
Men, lč moun Izrayčl yo vin pi fň, yo pa mete yo deyň nan peyi a, yo sčlman fňse yo fč kňve pou yo.  
 
Jos 17:14
 
ś Moun fanmi Jozčf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sčl pňsyon ou ban nou nan tč a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyč a pa manke beni nou.  
 
Jos 17:15
 
Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mňn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fč plas pou nou.  
 
Jos 17:16
 
Moun fanmi Jozčf yo di l' ankň: -Mňn lan pa kont pou nou. Lčfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fč pou fč lagč. Moun Kanaran ki rete Bčt Chean ak nan ti bouk ki sou lňd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyčl yo gen menm kalite cha a tou.  
 
Jos 17:17
 
Jozye di moun Jozčf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo: -Nou anpil vre. Nou gen anpil fňs. Nou pa ka rete ak yon sčl pňsyon tč.  
 
Jos 17:18
 
Tout mňn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zňn lan nčt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wč yo gen cha ki fčt an fč, atout yo fň a, rive yon lč, n'a mete yo deyň.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Deuteronomy 1Joshua 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Joshua 18Judges 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards