| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jam 4:1 | ś Ki jan fč gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kň nou.
| |
| | Jam 4:2 | Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lč konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lč konsa, se fč kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.
| |
| | Jam 4:3 | Menm lč nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfč pwňp dezi pa nou sčlman.
| |
| | Jam 4:4 | Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lč nou zanmi lemonn, se lčnmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lčnmi Bondye.
| |
| | Jam 4:5 | Pa konprann se pou anyen yo ekri pawňl sa a nan Liv la: Bondye sitčlman renmen lespri li mete nan nou an, li fč jalouzi pou li.
| |
| | Jam 4:6 | Men, li fč nou yon pi gwo favč ankň, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lňgčy yo. Men, moun ki soumčt devan l', li ba yo favč li.
| |
| | Jam 4:7 | Se poutčt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
| |
| | Jam 4:8 | Pwoche bň kot Bondye, Bondye va pwoche bň kote nou tou. Nou menm k'ap fč peche, lave men nou. Netwaye kč nou, nou menm k'ap woule de bň.
| |
| | Jam 4:9 | Se pou nou gen lapenn nan kč nou, kriye, plenn sň nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.
| |
| | Jam 4:10 | Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
| |
| | Jam 4:11 | ś Frč m' yo, piga nou yonn pale lňt mal. Moun ki pale yon frč mal, osinon ki jije frč li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsčve lalwa, men ou pran pňz jij ou sou li.
| |
| | Jam 4:12 | Se Bondye ki fč lalwa. Se li menm tou ki sčl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pčdi. Men, ou menm k'ap jije frč parčy ou, ki moun ou konprann ou ye?
| |
| | Jam 4:13 | Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jňdi a osinon denmen, n'a pral nan tčl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fč kňmčs ak anpil benefis.
| |
| | Jam 4:14 | Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parčt pou yon ti tan. Apre sa, li disparčt.
| |
| | Jam 4:15 | Okontrč, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wč denmen, n'a fč sa osinon sa.
| |
| | Jam 4:16 | Men, koulye a nan grandizč nou, se vante n'ap vante tčt nou. Se yon move bagay pou moun vante tčt yo konsa.
| |
| | Jam 4:17 | Se poutčt sa, moun ki pa fč byen li konnen li gen pou l' fč a, li fč peche.
| |